Pandan Somè ALBA a (Altènativ Bolivaryèn pou Amerik yo) ki te reyini lidè gochis nan Amerik Latin nan nan Venezuela, Prezidan Raul Castro te deklare "La Avàn pare pou diskite sou nenpòt ki sijè ak Washington--pami yo, kesyon dwazimen ak prizonye politik yo.
Deklarasyon sa yo se te yon repons apre desizyon mesye Obama pran pou l' leve restriksyon sou vwayaj ak transfè lajan kiben-ameriken yo ap fè nan direksyon nan peyi Kiba.
Dimanch dènye, pandan kloti Somè Dèzamerik la nan Trinidad-Tobago, mesye Obama te salye jès tokay kiben li an. Sepandan, lidè ameriken an lanse apèl bay gouvènman kominis la pou l' pran lòt mezi, tankou liberasyon prizonye politik ak rediksyon frè sou transfè lajan kiben-ameriken Ozetazini ap voye bay fanmi yo kap viv Kiba. Fidel Castro, bò kote pal, demanti nan atik li a ouvèti sa yo, lè l di se Lèzetazini---non pa Kiba---ki ta dwe fè lòt konsesyon.
Etazini toujou kenbe yon anbago komèsyal li enpoze sou Kuba depi 1961.