Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kèk Sektè Reklame Anilasyon Eleksyon yo Nan Tout Peyi a


Yon responsab nan Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a deklare enstitisyon an ap travay sou preparasyon dezyèm tou a men repriz eleksyon yo nan Plato Santral kapab enfliyanse òganizasyon dezyèm tou a. Pierre-Louis, ki se Direktè-Jeneral KEP a, te reponn kesyon Lavwaldlamerik jodi a.

Pandansetan, kèk gwoup ap reklame pou eleksyon 19 avril la anile nan tout peyi a. Se le ka pou pati Fanmi Lavalas, ak Konsèy Nasyonal Pati Politik yo. Selon Mèt Osner Févry, ki se yon dirijan nan KNPP, gouvènman an ta dwe ranvwaye tout manm KEP a e prepare lòt eleksyon pou finisman ane a.

Toujou sou dosye eleksyon 19 avril yo, yon responsab nan Platfòm Lespwa, Arnes Lubin, rejte akizasyon ki fè konprann se manm Lespwa ki ta lotè yon seri dezòd, sitou nan rejyon Sant peyi a.

Pou w koute nouvèl sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG