Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsèy Elektoral la Deklare Li Satisfè ak Eleksyon 19 Avril la


Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an (KEP) di lap travay pou li pibliye rezilta eleksyon senatoryal pasyèl yo nan yon delè ki pa depase 8 jou. Prezidan KEP a, Frantz G. Verret, pale ak Lavwadlamerik lendi nan mitan jounen an e li fè konnen, malgre to patisipasyon an pa wo, li satisfè ak fason vòt la te dewoule.

Anmenm tan, li pran angajman pou eleksyon refèt, fwa sa a san vyolans, nan Plato Santral. KEP a te oblije anile vòt la nan rejyon sa a apre yon seri ensidan vyolan ak akizasyon koken.

Ann Ayiti, tout obsèvatè ak korespondan laprès rezime jounen elektoral 19 avril la ak 3 mo : absanteyism, iregilarite ak vyolans. Nou pral wè kèk egzanp ak korepsondan nou yo. Nap kòmanse nan vil Gonayiv, nan Depatman Latibonit. Alfred Jean di nou, responsab elektoral yo di yo satisfè ak dewoulman jeneral jounen dimanch la.

Korespondan nou Yvan Martin Jasmin di nou li nan Wanament, Depatman Nòdès peyi a, yon polisye blese nan eleksyon yo pandan yon seri manifestan t'ap kalonnen wòch.

Korespondan nou Montigène Sincère, ki nan vil Tigwav, di nou popilasyon nan zòn Foche non sèlman boude senatoryal pasyèl yo, men tou fè vyolans kont kèk biwo vòt.

Youn nan rejyon kote eleksyon yo sanble te byen dewoule—-antouka, dapre evalyasyon responsab yo--se nan Depatman Sidès la. Korespondan Lavwadlamerik nan zòn nan se Evelyne Adonis. Li prepare yon repòtaj pou nou ke nou kapab tande, ansanm ak lòt sikui ki soti nan rès peyi a, sou ralonj ki anwo, adwat paj la.







XS
SM
MD
LG