Eleksyon pou ranplase 12 manm Sena a nan peyi d Ayiti dewoule dimanch 19 avril la prèske jan anpil analis te prevwa l la, sètadi ak yon vyep tikras moun ki soti al' akonpli devwa sivik yo.
Te gen anpil sekirite atravè peyi a, men sa pat anpeche derapaj nan kèk rejyon, pa egzanp nan Plato Santral, kote Konsèy Elektoral Pwovizwa a oblije anile vòt la, apre yon jounen pwotestasyon ak vyolans, kote omwen yon ajan elektoral te blese anba bal.
Nan yon interview Prezidan René Préval bay korespondan nou Rotchild François, Jr. li pat vle fè kòmantè sou ensidan ki make jounen an, men li sanble kore desizyon KEP a.
Kouman eleksyon 19 avril yo dewoule nan Pòtoprens ak prensipal vil pwovens yo? Kapte VOA-Creole lendi maten 7:30 (lè Washington) 6:30 (ann Ayiti) pou dènye detay yo.
Epi, si ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la, wap tande kèk repòtaj ki soti nan Plato Santral, Gonayiv ak kapital la, Pòtoprens.