Accessibility links

Breaking News

Prezidan-Eli El Salvador a Debake Nan Zile Trinidad Pou Somè Amerik yo


Prezidan eli Salvadò a, Mauricio Funes, rive nan vil Port Of Spain, kapital Trinidad & Tobago, antanke obsèvatè nan 5kyèm edisyon somè Dèzamerik la. Mesye Funes, ki gen pou’l prete sèman kòm prezidan peyi li nan yon mwa edmi, ale nan konferans la, nan entansyon pou’l rankontre lòt lidè yo pèsonèlman, koute detay kap sòti nan reyinyon prezidansyèl la epi asiste siyati deklarasyon final la.

Jounalis Lavwad'lamerik ki al kouvri evènman an te rankontre akmesye Funes nan Sant Laprès otorite trinidadyen yo mete aladispozisyon medya yo e yo te mande’l opinyon’l sou prezidan Barack Obama e sou relasyon’l ak rès peyi nan emisfè a.

Prezidan eli Salvadò a deklare e nap site : nou dwe pwofite opòtunite sa a pou relanse relasyon peyi nan emisfè a ak Lèzétazini. Nou konstate prezidan Obama gen kèk bòn entansyon, nou pral pran sa’l di yo oseryeu, paske li deklare li vinn nan somè a pou’l koute, li pa vini pou’l enpoze okenn fòm relasyon Lèzétazini abitue genyen avèk rejyon an e se poutèt sa nap pran’l o mo, epi pwofite de espass li kreye pou nou, dekwa pou’n ensiste sou pwoblèm ki komen nan rejyon an... e fè yo vanse otan ke nou kapab, yon fason pou’n bati yon relasyon pi pwòch, pi etwàt ak gouvènman Etazini an.

Funes kontinue pou’l di : «pi gwo antrepriz avyasyon komèsyalnan Salvadò kap operenan tout emisfè a, gen relasyon ak gouvènman kiben an depi 15 zan. Jiskaprezan, mwen poko tande okenn òmdafè kap di mòd relasyon sa yo ba li kè-sote. Si antreprenè kapab mentni yon relasyon ak Kiba, poukisa gouvènman salvadoryen an pa kapab fè menmman-parèyman»

Youn nan prensipal pwen patispan nan 5kyèm somè a pral abòde, se kriz ekonomik la, e prezidan eli Funes ensiste pou’l di : Salvadò dwe fè atansyon anpil, prensipalman akoz pozisyon jeografik li.

Mesye Funes fini pa di : nou se peyi ki pi vilnerab nan rejyon an, paske presizeman ekonomi nou an genyen yon lyen solid ak ekonomi amerikèn nan, e se poutèt sa nou panse ak mezu nou dwe pran pou soulaje pwoblèm djòb ki pèdi yo epi retabli kapasite pwoduksyon peyi nou an ki gen tandans fè bèk atè tou".



XS
SM
MD
LG