Prezidan Barack Obama, rive nan Trinidad-Tobago pou Somè Dèzamerik la, kote li pral fè fas ak reklamasyon peyi nan rejyon-an kap mande pou l’ chanje politik Lèzetazini vizavi Kiba---sèl nasyon kominis nan emisfè oksidantal la.
Sèten lidè latino-ameriken mande prezidan Obama leve anbago ekonomik Etazini mete depi 47 tan sou Kiba a. Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, di “li menm avèk alye li yo pap siyen Kominike final Somè a pou pwoteste kont anbago a. Kiba pap patisipe nan Konferans Trinidad-Tobago a.
Sekretè Deta Hillary Clinton deklare “ gouvènman Obama a konsidere politik Etazuni ap pratik toujou vizavi Kuba a kòm yon politik ki echwe”.
Clinton, ki al rejwenn prezidan Obama nan Somè a, di Lèzetazuni byen akeyi deklarasyon prezidan kiben an, Raul Castro, ki di La Avàn pre pou’l diskite nenpòt sijè avèk Washington:dwazimen, libète lapress e menm kesyon prizonye politik-yo. Men lidè kiben an ensiste fòk Etazuni trete Kiba avèk respè.Madan Clinton deklare Etazini akeyi ak satisfaksyon “ouvèti sa-a e ke Washington ap ekzaminen li seryeuzman”. Sekretè Deta ameriken an fè deklarasyon sa a, anvan li kite repiblik Dominikèn pou Trinidad-Tobago.
Prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, bat bravo pou sa li konsidere kòm yon “viraj seryeu” li konstate nan politik etranjè Lèzetazini vizavi Amerik Latin nan. Prezidan Fernandez ki rankontre ak sekretè Deta Clinton nan vil Santo-Domingo, di jounalis yo “gouvènman Obama a voye yon mesaj respè klè bay peyi Amerik Latine yo".
Msye Fernandez deklare prezidan Obama fè kèk jès senbolik enpòtan, tankou desizyon li pran pou l’ fèmen baz naval militè Guantanamo a, nan Kiba, e pèmèt sitwayen amerikano-kiben yo voyaje san restriksyon nan Kiba e fè transfè lajan bay fanmi yo kap viv nan zile kominis la.
Pandan yon konferans pou laprès li bay ansanm ak prezidan Fernandez, Clinton di “Lèzetazini ak Repiblik Dominikèn pral travay ansanm pou konbat trafik dwòg e lite kont chanjman klimatik la.
Madan Clinton ajoute 2 peyi yo pral travay kòm patnè pou ogmante echanj, envestisman, komès e pou jwenn endepandans enèjetik yo.