Accessibility links

Breaking News

Prezidan René Préval : Dwòg Se Pi Gwo Menas Pou Estabilite Ayiti


Chèf Diplomasi Lèzetazini an, Hillary Clinton rankontre jedi apre midi 16 avril 2009 la ak prezidan René G. Préval nan kapital ayisyen an, Pòtoprens pou yo diskite sou relasyon ant 2 peyi yo, asistans Washington ap bay Ayiti e sou kooperasyon nan domèn sekirite ak trafik dwòg la.

Nan diskou li fè anvan chita-pale yo, prezidan Préval di pi gwo menas kont estabilite Ayiti se trafik dwòg la---trafik ki, dapre li, makonnen tou ak demann ki genyen nan peyi rich yo pou pwodui nakotik yo.

Lidè ayisyen an reklame èd Lèzetazuni. Sekretè Deta Clinton, ki tap reponn yon kesyon jounalis yo sou imigran ilegal ayisyen kap fè fas ak depòtasyon Ozetazini, di "si administrasyon Obama a ta gen pou l' anvizaje bay ayisyen sa yo Stati Pwoteksyon Tanporè, se tap yon privilèj sèlman moun ki te Ozetazini anvan prezidan Barack Obama te prete sèman tap benefisye. Pwoteksyon sa a pa ta pral "aplikab" pou moun ki ta eseye antre ilegalman nan peyi a apre dat 20 janvye 2009 la."

Sekretè Deta Clinton ajoute, Lèzetazini pa ta renmen non plis wè ayisyen al riske vi yo sou lanmè pou eseye rantre ilegalman Ozetazini nan espwa yo pral jwenn Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS, ann 'angle).

Fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la pou korespondans Clarens Renois a.


XS
SM
MD
LG