Accessibility links

Breaking News

USA: Sekretè deta Clinton di Ayiti Merite ̀èd Etazini


Sekretè deta Etazini an Hillary Clinton deklare li gen yon responsabilite pou l ede peyi dayiti. Li fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay Direktè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik, Ronald César, yon jou avan l te pran wout Ayiti.

Chèf diplomasi amerikèn nan di: « mèsi Ronald. Mwen ta renmen souliye ke pou mwenmenm, ede Ayiti, se alafwa yon responsbilite pèsonèl e yon responsabilite an tan ke fonksyonè piblik. Epi tou, nan administrasyon Obama a, nou pran angajman pou n ede peyi kap eseye ede pròp tèt yo, e Ayiti trouve l nan kategori sa a. Ayiti tap fè pwogrè jiskaske 4 move tan te devaste zile a ane pase e kreye yon gwo vid nan bidjè peyi a. Lè administrasyon Obama a te monte sou pouvwa a, nou te kòmanse tou swit chèche mwayen pou ede Ayiti reponn ak bezwen li pou bidjè a e ede l retounen sou chemen siksè li te ye avan move tan yo. »

Sekretè deta Clinton ajoute pandan eskal lap fè ann Ayiti a avan l pran direksyon repiblik dominikèn e Trinidad pou somè dèzamerik la, li pote avèk li yon mesaj pozitif pou Ayiti:

« Sekretè deta Clinton di: map pote bay Ayiti yon deklarasyon angajman pèsonèl mwen ak angajman prezidan Obama, epi pwomès pou n bay peyi a plis pase 50 milyon dola ak yon lòt èd plis pase 200 milyon dola. Nap pote bay Ayiti tou desir nou pou n travay men-nan-men ak gouvènman ayisyen an e pèp ayisyen an pou n koòdone pwomès asistans ki fèt yo, pou n ka pwodwi rezilta reyèl. Mwen pap ann Ayiti sèlman pou yon eskal pandanm sou wout poum al yon lòt kote, men, map ann Ayiti poum anonse yon partenarya kap kontinye. Mmwen ann Ayiti poum anonse tou mwen fòme yon ekip nan depatman deta, e travay ekip sa a se pral pou asire yo ke Etazini kenbe pwomès li fè pou l bay Ayiti asistans la, e pou travay avèk lòt donatè ki pwomèt Ayiti lajan yo, pou asire yo tou ke lòt donatè sa yo kenbe pwomès pa yo. »

Sekretè deta Etazini an di Lavwadlamerik li gen yon apresyasyon pou pèp Ayisyen an.

Madam Clinton di « mwen admire rezistans avèk pèseverans pèp ayisyen an, e mwen gen konfyans dèske avèk bonjan lidership bò kote ofisyèl eli yo, e avèk dur labor pèp ayisyen an, e avèk asistans ki pral sòti nan en Etazini ak lòt kote, nap kapab kòmanse repare dega move tan yo, rebati ekonomi an, e akòde yon meyè avni ak pèp ayisyen an, e mwen kwè pèp sa a merite èd nap ofri l la ».

Chèf diplomasi amerikèn nan Hillary Clinton deklare Lèzetazini konte bay Ayiti yon asistans 287 milyon dola pou ane 2009 la.

Pou w koute repòtaj sou entèvyou madam Clinton bay Ronald César la, klike sou lyen ki anlè e adwat tèks sila a.

XS
SM
MD
LG