Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hillary Clinton Di li Vini Ak Angajman Pèsonèl li ak Angajman Prezidan Obama Pou Ayiti


Sekretè Deta Hillary Clinton rive jedi nan vil Pòtoprens kote li rankontre ak prezidan ayisyen an, René Préval. Madan Clinton ki dwe ale tou nan Repiblik Dominikèn ak nan Somè Amerik yo di vizit li fè Ayiti a, pa yon senp eskal woutinn li ap fè nan peyi Dayiti.

Nan yon entèviou ekskluzif li bay Chèf Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Ronald César, madam Clinton di li ann Ayiti pou l' pote

yon deklarasyon angajman pèsonèl ak angajman prezidan Obama ansanm ak pwomès pou'n bay Ayiti a plis pase 50 milyon dola asistans ak yon èd ki depase 200 milyon dola. Pandan antretyen sa a, chèf diplomasi Lèzetazini an di li gen yon responsabilite pou-l ede peyi dayiti. Li fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik.


Pou Plis presizyon sou entèviou Sekretè Deta Hillary Clinton bay Mr. César la fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat, paj wèb la.


XS
SM
MD
LG