Accessibility links

Breaking News

Somè Amerik yo: Mini-Kongrè yo Bout Jodi a


Somè Amerik yo dwe akeyi chèf leta ak chèf gouvènman yo apati de jodi 16 avril la, nan Port of Spain, Trinidad. Annatandan, mini-kongrè ki te rasanble divès gwoup tankou antreprenè, sosyete sivil elatriye, nan premye faz woumble sila a, ap pran fen menm jodi a.

Dapre anvwaye spesyal VOA a, Jean Robert Philippe, Ayiti pat patisipe nan gwoup preliminè yo men peyi a ap reprezante nan faz ofisyèl Somè a, 17 pou rive 19 avril 2009 la.

Gen anpil sekirite nan kapital trinidadyèn nan, sitou nan sa otorite yo batize Zòn Wouj la, kidonk kote lokal konferans la ye a.

Prezidan ameriken an, Barack Obama--ki o Meksik jodi a--ta dwe rive Trinidad demen vandredi a, demèm ke Sekretè-deta Hillary Clinton, k'ap pase nan Pòtoprens ak Santo-Domingo, anvan l'al rankontre delegasyon Etazini an nan Somè Amerik yo.

Pou w ka koute repòtaj Jean Robert Philippe te ban nou maten 16 avril la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG