Accessibility links

Breaking News

Bayè de fon yo pwomèt Ayiti plis ke 321milyon dola.


Plizyè peyi donatè pran angajman pou bay Ayiti plis ke 321 milyon dola nan yon konferans ki dewoule madi 14 avril la nan Washington DC. Ekonomis an chèf biwo primati ayisyen an, Jean Palème Mathurin, di Lavwadlamerik yon premye tranch 201 milyon dola ap disponib pou ekzèsis fiskal 2008-2009 la. Gouvènman aysiyen an ap itilize rès resous yo ane pwochèn.

Bank Mondyal angaje l' pou 80 milyon dola pou 2 pwochen ane yo. Reprezantan Bank Mondyal la nan Pòtoprens, Maturin Gbetibouo, swete gouvènman ayisyen an pral byen utilize resous sa yo.

Bank Entè ameriken Devlopman, BID, pwomèt 120 milyon sou yon peryòd 2 zan tou. Prezidan BID la, Luis Alberto Moreno, felisite gouvènman an, pou pwogram relans ekonomik li a. Li swete responsab aysiyen yo pral utilize lajan sa a nan transparans.

Mesye Moreno di: "Pwogram gouvènman an enpòtan. Sa fè nou panse ke nou kapab vanse e reyisi. Mwen kwè peyi donatè yo bezwen konnen si lajan yap bay gouvènman an byen utilize."

Bò kote pa-li, minis planifikasyon ayisyen Jean-Max Bellerive deklare gouvènman li an kapab jwenn plis lajan paske genyen lòt peyi donatè ki pa ko deside ki kantite lajan yo pral bay Ayiti. Mesye Bellerive souliyen tou enpòtans kontribisyon Lèzetazini ki pwomèt Ayiti plis pase 50 milyon dola. E pou ane 2010 la, administrasyon amerikèn nan prevwa yon anvlòp ki depase 300 milyon dola anfavè Ayiti.

Bayè de fon bilateral ak multilateral yo ak gouvènman Preval-Pierre-Louis a pran angajman pou tabli yon nouvo modèl patenarya ki chita sou koòdinasyon.

Fè Yon Klik sou ralonj ki anwo, adwat, ekran òdinatè a pou devlopman tèm sa a ak Jean-Pierre Leroy

XS
SM
MD
LG