Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ameriken an Leve Tout Restriksyon sou Vwayaj nan Kiba;- Transfè Lajan Ap Vin Pi Fasil tou



Prezidan ameriken an, Barack Obama, pran yon desizyon k ap fè l vin pi fasil pou Amerikano-kiben yo vwayaje Kiba e voye lajan transfè bay manm fanmi yo kap viv nan peyi karayib sa a. Sepandan, si desizyon an ofri yon okazyon pou 2 peyi yo amelyore relasyon yo, li pa leve anbago komèsyal kap peze sou do peyi kominis la depi 47 tan. Vrèman vre, avèk desizyon sa a La Mezon Blanch anonse Lendi 13 avril la, plis pase yon milyon 500 mil amerikano-kiben pral gen plis libète pou y al vizite Kiba e voye asistans ekonomik bay fanmi yo nan peyi sa a.

Pòt-pawol Mezon Blanch la, Robert Gibbs, fè konnen tout restriksyon sou vwayaj nan Kiba ap leve e, an menm tan, Administrasyon Obama a pral pèmèt plis kominikasyon ant Lèzetazini ak Kiba, e l ap ogmante kantite pwodui ameriken ki ka ale jwenn Kiba kòm asistans imanitè. Daprè misye Gibbs toujou, gouvènman ameriken an ap pran tout dispozisyon pou l akselere arive yon jou kote se pèp kiben an ki va kapab deside desten peyi a an tout libète. Nap site:

"Tout moun ki anbraze koz prensip demokratik yo, ap swete pou gen yon Kiba ki respekte dwa zimen, dwa politik e ekonomik de baz tout sitwayen n yo. Prezidan Obama gen konviksyon desizyon li pran jounen jodiya pral pèmèt objektif sa a tounen yon reyalite."

Desizyon sa a déjà pwovoke anpil kritik; pami obsèvatè ki leve lavwa kont li yo, genyen manm Kongrè Amerikene an ki gen orijin kibèn. Daprè yo, lajan amerikano-kiben yo pral voye nan peyi a, pral abouti dirèkteman nan pòch otorite rejim kominis kastris la.

An plis Robert Gibbs -pòtpawol Mezon Blanch-la- Dan Restrepo, ki se direktè Biwo Afè Emisferik nan Konsèy Sekirite Nasyonal la nan La Mezon Blanch, te reponn kesyon jounalis yo tou lendi 13 avril la. Li lanse apèl bay otorite yo nan La Avàn pou l mande yo sispann pran yon komisyon sou chak transfè amerikano-kiben yo voye nan peyi a. Misye Restrepo deklare --nap site: "Nou debloke wout la e se pou gouvènman kiben an debloke wout la tou epi kite fanmi kibèn yo ki isit ede manm fanmi yo ki laba a."

Misye Restrepo –ki gen orijinn kolonbyèn-- te reponn kesyon laprès tou ann Espayòl. Sa fè premye fwa nan listwa resant gouvènman ameriken an yon konferans pou laprès ki dewoule nan La Mezon Blanch, fèt nan 2 lang.

Si w vle koute anrejistreman repòtaj sa a, ale sou sit entènèt Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la (VOANews.com/Creole), fè klik sou "Pwogram Maten an", jou: "Madi".
.

XS
SM
MD
LG