Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hillary Clinton Ap Fè Yon Vizit Ayiti Jedi 16 Avril la


Pòtpawòl Depatman Deta Robert Wood anonse sekretè d’Eta Hillary Clinton dwe fè yon eskal Ayiti jedi 16 avril ka vini la a nan kad yon vizit ki dwe kondi’l nan republik Dominikèn ak nan Trinidad-Tobago. Apre eskal nan 2 repiblik ki pataje zile Ispaniola a, madan Clinton prale nan Port-of-Spain, kote li pral rejwenn prezidan Barack Obama pou Somè Amerik-yo---somè kap tanmen vanderedi nan zile karibeyen an.

Mesye Wood di madan Clinton dwe rankontre ak prezidan ayisyen an, Rene Preval, pou yo diskite kesyon stabilite, sekirite ak asistans. Nan Repiblik Dominikèn, chèf diplomasi Lèzetazini an va fè chita-pale ak prezidan Leonel Fernandez e diskite sou kooperasyon ant Etazini ak Repiblik Dominikèn e sou efò ki sou pye pou konbat trafik dwòg nan rejyon an. Madi, madan Clinton dwe pran pa nan Konferans Donatè yo ap fè sou Ayiti nan Bank Entè-amerikèn Devlopman an nan Washington.

Yon gwo responsab ameriken di Clinton pran ak anpil konsiderasyon sitiasyon imanitè a nan peyi Dayiti, patikilyèman apre pasaj kat (4) tanpèt twopikal ak ouragan ki te devaste plizyè rejyon peyi a nan ane 2008 la. Responsab la ajoute e ke chèf diplomasi amerikèn nan te vle vizite Ayiti nan koumansman manda li antanke Sekretè Deta.

XS
SM
MD
LG