Accessibility links

Breaking News

Kiba Ap Nan Mitan Kalandriye Diskisyon Somè Amerik yo


"Kiba anfas yon revolusyon: yon revolusyon kap fèt fwa sa a pa lòtbò fwontyè zile a". Fraz sa a se deklarasyon premye minis Trinidad la, Patrick Manning.

9 lidè politik reklame yon chanjman nan fason sèten peyi ap jere relasyon yo ak Kiba. Sa tèlman vre ke yo pral abode sijè sa a nan diskusyon ki pral fèt nan senkyèm somè Amerik ki dwe tanmen nan Trinidad Tobago semèn pwochèn nan.

Premye minis Manning, fè konnen se tout moun kap pale de Kiba "Nou te fè kèk diskusyon nan sans sa a, e mwen kwè genyen yon konsensus sou fason pou n' abòde dosye Kiba a.

Lòt atik: Somè Amerik Yo: Yon Okazyon Ideyal

Mesye Manning endike patisipan yo ta dwe abode tèm sa a ak prekosyon, san eseye kreye yon polemik ni eseye fè presyon sou prezidan ameriken an, Barack Obama, pou’l aksepte prezans Kiba nan some ki ta genyen pou dewoule nan lavni.

Depi Fidel Castro te enpoze yon sistèm komunis nan zile a an 1959, yo pa janm envite gouvènman kiben an patisipe nan okenn fowòm, somè ou randevou politik.
XS
SM
MD
LG