Accessibility links

Breaking News

Chavez Konfime Patisipasyon l' Nan Somè Amerik yo


Nan deklarasyon li bay nan pwogram "Alo Prezidan li an", mandatè venezuelyen an, Hugo Chavez, konfime li pral patisipe nan somè Dèzamerik ki pral dewoule nan Trinidad & Tobago nan dat 17 avril kap vinn la a.

Mesye Chavez presize ke’l pral pran pa nan somè a paske se yon obligasyon pou tout lidè. Anplis de sa, lidè venezuelyen an di li espere prezidan Barack Obama ap rive nan randevou sa a ak yon nouvo vizyon sou situyasyon rejyon Amerik Latin ap viv jounen jodi.

Nan pwogram "Allo Prezidan an", mesye Chavez di li espere menas anpir Lèzetazuni an, se yon menass ki pral disparèt tikras pa tikras nan orizon an.

Lòt atik: Somè Amerik Yo: Yon Okazyon Ideyal

Mesye Chavez pwofite pou’l eksprime regrè’l sou absans Kiba nan randevou Dèzamerik la. Prezidan venezuelyen kontinye pou l' di: li lè li tan pou yo fòme atò yon òganizasyon latino-ameriken san Etazuni pa ladann.

Nan somè ki te dewoule an 2005 nan vil Mar Del Plata, an Ajantin, lidè venezuelyen an te pote-kole ak super-vedèt foutbòl ajanten Diego Armando Maradona pou òganize yon somè paralèl kont prezidan ki tap dirije Lèzetazuni nan epòk la, George W. Bush.

Dapre Peter Hakim, prezidan òganizasyon Dyalòg Entè-ameriken (yon sant analiz politik ki baze isit Washington, DC) lidè rejyonal yo pral gade pou wè si mesye Obama pral adopte yon ton pi fleksib e pi konsilyatwa vizavi rejyon Amerik Latin nan.

XS
SM
MD
LG