Accessibility links

Breaking News

Vizit Yon Delegasyon Kongrè Ameriken an Nan Pòtoprens


Yon delegasyon Kongrè ameriken an ki gen alatèt li Depite John Conyers ap pase dezyèm jounen li nan peyi d Ayiti kote manm yo ap rankontre divès sektè.

Yè madi a, kongresis yo te chita koze ak Prezidan René Préval, Premye-Minis Michèle Duvivier Pierre-Louis, Minis Jistis Jean Joseph Exumé, ak Minis Finans Daniel Dorsainvil. Kesyon prensipal yo te diskite se lit kont trafik dwòg, asistans imanitè pou Ayiti, epi devlòpman. Prezidan René Préval te pale sou nesesite pou yo ede Ayiti konstwi wout e mete elektrisite atravè peyi a.

Delegasyon an di li enpòtan lefèt ke dosye TPS la, kidonk pwoteksyon tanporè pou Ayisyen ki ap viv san papye imigrasyon ozetazini, te soulve pandan rankont yo. Youn nan manm delegasyon an te ensiste devan reprezantan media yo ke TPS pa konsène moun k'ap viv ann Ayiti, men pito Ayisyen ki deja sou teritwa ameriken an.

Si ou ta renmen koute repòtaj Rotchild François, Jr. a, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG