Accessibility links

Breaking News

2 Dirijan KONKAKAF la Jwenn yon lòt Manda


KONKAKAF/FIFA

Prezidan KONKAKAF la Jacques Warner ak Sekretè Jeneral òganizasyon foutbòl rejyonal la Chuck Blazer ap retounen nan komite ekzekutif FIFA a pou yon lòt manda 4 tran apre delege vote an favè yo nan yon eleksyon kote yo pat gen oken advèsè. Manda a ap kòmanse ofisyèlman nan okazyon Kongrè FIFA pral fè nan Bahamas 3 Jwen 2009 2 jou apre kongrè KONKAKAF la.

Foutbòl/ Koup du Mond U-20

Trinidad and Tobago ap rankontre Ejipt nan ouvèti koup du mond Juniò kap dewoule an Ejipt soti 24 Septanb pou rive 16 Oktòb. Tiraj osò a, ki dewoule Dimanch 5 Avril la, divize 24 seleksyon yo an 6 group kap gen 4 kap seleksyon.

Match yo ap jwe nan kapital la Kèr, Aleksandri, Ismael, Port Saed ak Swèz. An plis de Trinidad ak Ejipt, group A gen ladann Paragwe ak Itali. Nan group B a nou jwen Nijerya, Venezuela, Espay ak Tayiti. Group C a nou jwen Etazini, Almay, Cameroun ak Kore di Sid. Group D a nou jwen Gana, Uzbekistan, Angletè ak Urugwe. Group E a gen ladann Brezil, Kosta Rika, Repiblik Tchèk ak Ostrali. Group F la gen ladann Emira Arab Ini yo, Afrik di Sid, Ondiras ak Ongri.

Foutbòl/Karayib

An Ayiti Tanpèt de Sen Mak kalifye pou 2 zièm tou Lig Chanpyon KONKAKAF la pou zòn Karayib la apre yo kale klub Alpha United 2 a 0 yè Dimanch la. An plis de Tanpèt de Sen Mak, Cavaly de Leogane kalifye pou 2 zièm tou a.

Foutbòl/ Etazini

Isit Ozetazini DC United ranpòte premye viktwa l depi chanpyona a kòmanse apre yo kale Houston Dinamo 1 a 0 isit Washington Samdi. Brezilyen Luciano Emilio te pwofite yon erè defans la pou l make bout gòl la. Nan lòt rankont New England kale Dallas 2 a 1. Chikago kale New York Redbulls 1 a 0.

KONKAKAF/ Lig Chanpyon

Nan lig Chanpyon KONKAKAF la klub Meksiken Cruz Azul kale klub Porto Riken-Puerto Riko Islanders 4 a 2 sou tir de penalite apre tan reglemantè te fini 3 a 1 an favè klub Meksiken an. Viktwa ki pèmèt Cruz Azul kalifye pou final Lig Chanpyon an kote yo pral rankontre venkè kap jwe Mèkredi 8 Avril la ant Atlante ak Santos ki se 2 lòt klub Meksiken.

Foutbòl/Ewòp

Klub foutbòl Pòtigè FC Porto make 2 gòl an deplasman pou pèmèt yo rache yon match nul 2 a 2 kont Manchester United nan match ale kar de final Lig Chanpyon Ewopeyen an. An Espay Emmanuel Adebayor make yon bèl gòl pou pèmèt Arsenal fè match 1 a 1 ak Villarreal. Match retou a fikse pou 15 Avril.

Baskètbòl Inivèsitè

Plis pase 72 mil fanatic te asiste viktwa 89 a 72 Inivèsite Karoline du Nò ranpòte devan Michigan State pou l ranpòte final tounwa baskètbòl inivèsitè Lendi 6 Avril la nan Detroit.Antrenè Carolin du Nò a Roy Williams:“Se te yon bèl eksperyans. Gen plis fanatik lòt ekip la ki gen mayo vè sou yo(Michigan) men sa pa anpeche ti misye yo konsantre pandan tout sezon an pou ranpòte la viktwa pafwa nan kondisyon difisil."

Antrenè Michigan nan Tom Izzo di ekip li a te ede Carolin du Nò nan viktwa a lè yo renmèt balon an 14 fwa. "Mwen rete kwè nou komèt anpil erè. Mwen kwè nou rate kèk opòtunite pou n te make pwen sutou nan debu rankont la". Sa fè Karolin du Nò 5 kièm viktwa li ranpòte nan baskètbòl Inèvistè Mas an foli a.

Bò kote meda m yo seleksyon baskètbòl feminen Konekticut la ranpòte tounwa baskètbòl Mas an foli a pou yon 6 zièm fwa apre yo danse sou Louisvil 76 a 54 Madi 7 Avril la nan St Louis Missouri. Sa fè ekip la 39 viktwa afile yo ranpòte.

Lakay pwofesyonèl yo, sezon baskètbòl la fini pou basketè arjanten Manu Ginobili kap jwe nan San Antonio Spurs. Yon radyografi revele basketè a gen yon pwoblèm nan pye ki ekzije l rete an deyò teren an pou rès sezon an ak faz final la.

Yon lò̀t kote vedèt baskètbòl ameriken Michael Jordan elu pou l fè pati koulwa selebrite yo dapre anons ofisyèl yo fè yè Lendi a. Responsab Jordan pral fè pati koulwa selebrite baskètbòl yo ansanm ak David Robinson, John Stockton ak antrenè Jerry Sloan.Bò kote medam yo antrenè baskètbòl feminen Vivian Stringer ap fè pati koulwa selebrite yo

2016 OLYMPICS

Manb komite Olenpik Entènasyonal la vizite enstalasyon spòtif yo nan vil Chikago youn pami 4 vil ki kandida pou akeyi Je Zolenpik yo an 2016. An plis de Chikago gen Tokyo, Rio De Janeiro ak Madrid kòm kandida pou akeyi je zolenpik yo. Komite a ap anonse vil kap akeyi konpetisyon an Oktòb pwochen.

XS
SM
MD
LG