Accessibility links

Breaking News

Vizit Sipriz Prezidan Obama Nan Baghdad


Prezidan Barack Obama fè yon vizit sipriz ann Irak jodi a, apre li te soti nan La Turquie. Msye Obama di rete anpil travay ki pou fèt ann Irak. Se premye vizit li nan peyi sa a depi li te moute Prezidan, yon vizit ki rive apèn kèk èdtan apre yon eksplozyon bonm nan yon machin pran lavi 8 moun nan Baghdad.

Prezidan Obama rankontre dirijan militè ameriken yo ak sòlda yo nan yon baz ki rele Camp Victory (Kan Lavikwa). Li fè chita-tande ak Premye-Minis Nouri al-Maliki nan baz la tou.

Anvan etap Irak la, nan dezyèm jounen Prezidan ameriken an nan La Turquie, li te patisipe nan yon "ti koze anba tonnèl"--yon 'Libre Tribune'-- ak yon gwoup etidyan nan vil Istanboul.

Msye Obama di etidyan sayo, “Mwen vle nou konnen ke mwen pran angajman pèsonèlman pou m’tanmen yon nouvo chapit nan relasyon Etazini ak lòt peyi. Nou senpleman pa ka pran chans mal kominike, konsantre sou sa ki divize nou, ni kite miray mefyans drese antre nou."

Pou w ka koute tout repòtaj la, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.


XS
SM
MD
LG