Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Apiye Eleksyon Senatoryal 19 Avril yo Nan Peyi  dAyiti


Reprezantan Etazini an nan LONU, Susan Rice, ki patisipe nan yon deba ki fèt sou Ayiti lendi 6 avril la nan konsèy sekirite LONU an, fè konnen eleksyon senatoryal 19 Avril yo ann Ayiti se yon pa nan direksyon devlopman demokrasi a. Madam Rice di "

Eleksyon sa yo fèt pou yo lib e onèt e yo fèt pou yo enkliziv". Anbasadè Rice, salye pwogrè ki fèt sou plan politik ann Ayiti depi ane 2006. Li felisite lidè ayisyen yo pou efò yo fè pou ede peyi a rekanpe sou 2 pye l'. Susan Rice deklare "Lèzetazini satisfè poutèt lidè opozisyon yo gen libète pou yo eksprime opinyon yo". Diplomat ameriken an pwofite konfime patisipasyon Lèzetazini nan reyinyon bayè de fon sou Ayiti a e ki fikse pou 14 avril 2009 la isit Washington nan lokal Bank Entè amerikèn Devlopman an (BID).

Anbasadè Rice ajoute "Lèzetazini pa ka tann pou l patisipe yon fason aktiv e jenereuz nan konferans bayè de fon ki pral fèt sou Ayiti a nan dat 14 avril kap vini an". Madam Rice fini pa di "konferans sa a, se pral yon opòtinite pou patnè Ayiti yo ak gouvènman ayisyen an ede peyi a fè fas ak defisi nan bidjè li e ede l avanse nan direksyon relans ak yon devlopman kap dire".


XS
SM
MD
LG