Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Nan Florid Kontinye Ap Lite Pou TPS


Ayisyen-Ameriken nan eta Florid ap travay sou fason yo kapab mete presyon sou administrasyon Obama a pou konpatriyòt yo ki san papye imigrasyon isit kapab evite depòtasyon e jwenn TPS, kidonk pwoteksyon tanporè.

Aktivis nan kominote ayisyen an siyale ke dapre lwa ameriken, sitwayen yon peyi ki viktim ka dezas natirèl tankou sa Ayiti te konnen ane pase yo kapab kalifye pou TPS. Poutan, gouvènman Bush la, e kounye a gouvènman Obama a, refize bay Ayisyen ilegal yo privilèj sa a.

Lidè nan kominote a ap mete sou pye yon rankont nan Miami pou yo kowòdone pwochen pa yo pral franchi. Youn nan opsyon yo, dapre yon responsab ki pale ak korespondan nou Yves Mompremier, se ta lanse yon kokenn manifestasyon devan Lamezonblanch.

Koute deklarasyon sa a, ak tout repòtaj Yves la, lè ou fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG