Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Di Li Satisfè Aprè Patisipasyon l' nan Somè G-20 an nan Vil Lond


Prezidan ameriken an twouve l jodiya nan vil Strasbourg, nan peyi Lafrans, kote l ap asiste yon rankont lidè peyi manm Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (l'OTAN), nan okazyon 60èm. anivèsè fondasyon òganizason trans-atlantik la. Anvan misye Obama te ale an Frans, li te patisipe nan Somè G-20 an ki te dewoule nan vil Lond, ann Angletè, kote lidè 20 peyi (sa ki rich, tankou Lèzetazini, La Grand Bretay, Lalmay, Lafrans, elatriye, avèk sa ki sou wout devlopman, tankou Ajantin ak Brezil) te reyini pou yo chache solisyon pou kriz k ap frape ekonomi mondyal la. Pandan 2 jou deba o te dire, patisipan yo te reflechi e chanje lide sou mwayen pou yo relanse ekonomi an nan peyi yo nan yon moman kote sektè finansye yo ap travèse gwo difikilte. Nan yon rankont ak laprès prezidan Obama fè touswit aprè somè Lond la, li di li satisfè, menmsi li-menm ak kòlèg li yo pa rive antann yo sou tout pwen nan 48 tè yo te genyen pou yo fè deba sou kriz la

Pou w koute detay sou deklarasyon Prezidan Obama fè sou Somè G-20 an, ale sou sit entènèt Lavwadlamerik la e klike sou "pwogram maten an", jou "vandredi".

XS
SM
MD
LG