Accessibility links

Breaking News

Brev Nouvèl sou Spò


Foutbòl

Federasyon foutbòl meksiken an ap chache yon nouvo antrenè apre responsab yo fin revoke swedwa Sven-Goran Eriksson yè Jedi a akoz move randman Meksiken yo nan ekzagonal final KONKAKAF la pou eliminatwa koup di mond Afrik di Sid la.

Fanatik yo repwoche Misye Ericksson le fèt je li te rele nan seleksyon an 4 sitwayen meksiken ki te pran nesans a letranje. Revokasyon antrenè a rive apre defèt 3 a 1 seleksyon nasyonal Meksi la sibi fas devan Onduras. Meksiken yo te pèdi match douvèti a tou devan Lèzetazini sou yon skò 2 a 0.

--------------------------------------------------

Toujou nan foutbòl :

Ayiti twouve l nan group B Koup dò KONKAKAF la ansanm ak ELèzetazini, Ondiras ak La Grenad. Ayiti gen pou l jwe premye rankont li fas a Onduras nan vil Seattle, Eta Washington le 4 jiyè anvan seleksyon nasyonal amerikèn nan rankontre La Grenad. Nan group A a, kap ouvri tounwa a le 3 jiyè nan Los Angeles, nou jwenn Kosta Rika, Salvadò, Jamayik ak Kanada. Le 3 jiyè genyen 2 match sou pwogram nan : Salvadò kont Kosta Rika epi Kanada kont Jamayik.

Group C a gen landan n Meksik, Panama, Nikaragwa ak Gwadeloup. Nan San Francisco, le 5 jiyè, Panama pral rankontre ak La Gwadloup epi Meksik gen pou tope kòn ni avèk Nikaragwa. Anfen, le 7 jiyè, nan vil Colombus, nan Eta Ohio, la Jamayik kont Jamayik kont Kosta Rika epi El Salvador kont Kanada.

Youn pami match Lèzetazini yo gen pou dewoule nan vil Washington, le 8 jiyè fas a Ondiras apre rankont Ayiti kont La Grenad la. Nan demen 9 jiyè, nan vil Houston o Tekzas, La Gwadloup pral woule balon avèk Nikaragwa epi Meksik ap rankontre avèk Panama. 10 jiyè nan Miami, Kosta Rika pral jwe ak Kanada epi Salvador pral rankontre avèk Jamayik.

11 jiyè nan vil Foxborro, tou prè Boston, nan Eta Massachusets,Ayiti ap jwe kont Etazini epi Ondiras pal frape kòn li avèk La Grenad. Dimanch 12 jiyè nan vil Phoenix, Eta Arizona, seleksyon nasyonal Panamaa ap monte teren an avèk Nikaragwa epi Meksik pral jwe kont La Gwadloup.

2 premye nan chak group ak 2 meyè 3 zièm yo ap kalifye pou ka-de-final la kap jwe nan vil Filadelphie ak vil Dallas. Semi final la gen pou dewoule nan Chikago, epi final la fikse pou Dimanch 26 jiyè nan Giant Stadium nan New York.

----------------------------------------------------------------

Foutbòl/ Koup di Mond

Ekzagonal final eliminatwa pou Mondyal Afrik di Sid 2010 la relanse nan zòn KONKAKAF la apre 3èm. jounen konpetisyon yo, nan moman Meksik ak chache yon nouvo antrenè. Etazini pran tèt gwoup la ak 7 pwen apre viktwa 3 a 0 seleksyon etwale a ranpòte devan Trinidad- Tobago nan vil Nashville, nan Eta Tennessi. Kostariken yo okipe 2èm. plas la ak 6 pwen gras ak yon viktwa tou mens yo ranpòte a domisil devan Salvadò.

Sipriz jounen 1 Avril la: se Meksik ki bese paviyon devan seleksyon nasyonal Ondiras la nan vil San Pedro Sula kote seleksyon astèk la tonbe 3 a 1. Ondiryen yo okipe 3èm. Pozisyon an avèk 4 pwen. Answit nou jwenn Meksik an 4èm. pozisyon avèk 3 pwen ; Salvadò gen 2 pwen epi reprezantan karayib la, Trinidad-Tobago, nan ke kamyonèt la avèk 2 pwen.

Pwochen randevou a fikse pou 3 jen, jou kote Kosta Rika gen pou l rsevwa seleksyon amerikèn nan nan vil San Jose.

Nan Amerik di Sid la, nan sa ki sanble ak yon pwason davril, Ajantin sibi pi move defèt li nan istwa foutbòl peyi a nan plis pase 60 ane, apre Bolivi imilye seleksyon Diego Maradona a sou yon skò 6 a 1 nan La Paz. Apre rankont la, Misye Maradona (antrenè-a) di chak gòl ajanten yo ankese se tankou yon kout kouto li resevwa. Brezil, bò kote pa l, fè 2 pwen fasil sou Pewou ak yon viktwa 3 a 0 pou l klase 2èm ak 21 pwen dèyè Paragwe, lidè group la avèk 24 pwen.

Sou kontinan Eropeyen an, Irland fè match nil (1 a 1) avèk Itali nan kad yon match kalifikatif ki dewoule nan vil Bari. Itali gen 14 pwen nan group 8 la devan Irland ki gen 12 pwen. La Frans ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Lityani. Angletè kale Ikrèn 2 a 1 ; sete 110 zièm rankont David Beckham pou seleksyon nasyonal anglèz la. Espay kontinye ap byen mennen apre viktwa 2 a 1 li ranpòte devan Tiki nan gwoup 5 la. Nan group 9 la, Masedwàn fè bèk atè devan La Oland ki bat li sou yon skò 4 a 0. Nan gwoup 8 la, Lalmay ranpòte yon viktwa 2 a 0 fas a Peyi de Gal.

-------------------------------------------------------------------

Foutbòl sou kontinan azyatik la :

Seleksyon nasyonal foubòl Ostrali a kale Ouzbekistan 2 a 0 nan kad match kalifikatif mondyal Afrik di Sid 2010 la. Nan dyèl ki te mete 2 Kore yo fas a fas, Sid-Koreyen yo ranpòte la viktwa 1 a 0. Aprè viktwa sa a, Kore di Sid twouve l nan tèt gwoup 2 a ak 11 pwen epi Nò-koreyen yo vini an 2 zièm pozisyon avèk 10 pwen.

-----------------------------------------------------------------------

Nan baskètbòl inivèsitiè: Demen Samdi a Nan Detroit Inivèsite Konektikèt ak rankontre Michigan epi North Carolina ap jwe kont Villanova nan semi final Inivèsitè yo. Venkè yo ap rankontre an final Lendi 6 Avril toujou nan Detroit

Inivèsite Konektikit kalifye pou semi-final chanpyona baskètbòl inivèsitè a, kategori feminen, gras ak yon swif li pase Inivèsite Arizona 83 a 64. Oklahoma te fè anpil efò pou l kale Purdue 74 a 68.

Nan semi-final la ki fikse pou Madi, Oklahoma ap rankontre Lwivil ki elimine Inivèsite Maryland. Lòt match semi-final la ap mete Konektikit fas a Standford.

---------------------------------------------------------------------

Anfen baskèt pwofesyonèl isit o Zetazini : Gilbert Arenas make 11 pwen nan 2èm rankont li jwe pou sezon an pou ekip vil Washington nan, The Wizards, ki tap rankontre avèk Cleveland Cavaliers. Sipriz, sipriz : Washington ranpòte la viktwa sou yon skò109 a 101—yon rezilta ki mete fen nan 13 viktwa afile Cavaliers yo te ranpòte..

Philadelphia 76ers siprann Milwaukee Bucks ki pèdi sou yon skò 105 a 95. Epi Utah Jazz tonbe devan Denver Nuggets: 114 a 104.

XS
SM
MD
LG