Accessibility links

Breaking News

Somè G-20: Prezidan Obama Ap Chache Inite


Prezidan ameriken an tanmen premye vizit li aletranje depi li te rive sou pouvwa a 20 janvye pase a. Barack Obama ap rankontre plizyè lidè mondyal ki rasanble nan vil Lond, ann Angletè, pou Somè G-20 an, gwoup 20 peyi ki gen pi gwo ekonomi nan lemond yo. Nan yon konferans pou laprès Msye Obama bay jodi a ansanm ak Premye Minis britanik la, Gordon Brown, lidè ameriken an raple kouman kriz kap frape ekonomi mondyal la grav e ki kalte efò kap nesesè pou rezoud li.

Prezidan Obama di: “Pinga pèsonn twonpe tèt yo. Nou anfas kriz ekonomik pi grav depi Dezyèm Gè Mondyal la, e ekonomi tout peyi yo tèlman konekte youn ak lòt ke nou kapab fè fas ak kriz sa a sèlman si nou met tèt ansanm.”

Bò kote pa l, Premye-Minis Gordon Brown salye efò ak talan lidè ke Prezidan Obama montre pandan l'ap chache solisyon pou kriz la ozetazini e nan lemond.

Msye Brown di Prezidan Obama ranime lespwa non selman sitwayen Etazini, men sitwayen toupatou nan lemond. Li felisite l' pou kouraj li ak leadership li. Msye Brown te pwofite tou souliyen plizyè pwen li kwè kap nesesè pou kriz la rezoud, espesyalman plis kontwòl sou sektè finansye a, yon bagay divès peyi ewopeyen ap reklame.

2 lidè yo ensiste sou enpòtans jefò tèt-ansanm pou fè fas ak kriz ekonomik mondyal la. Prezidan Barack Obama ak Premye Minis Gordon Brown di yo pran angajman pou yo travay dekwa pou yon kriz konsa pa janm’ repete ankò. Msye Obama deklare li ale nan vil Lond pou li koute—-pa pou l’bay pèsonn leson. Li siyale ke li nesesè pou lidè yo fikse je yo sou pwen kote yo antann yo olye de ti dezakò ki ka egziste pafwa antre yo.
Lidè ameriken an deklare tou fòk lemond rejte pwoteksyonism, kidonk tandans pou gouvènman yo mete baryè pou anpeche twòp pwodui etranje vann lakay yo.

XS
SM
MD
LG