Accessibility links

Breaking News

Majistra Ayisyen Yo Bay Ministè Lajistis 30 Jou Pou Satisfè Prensipal Revandikasyon yo.


Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo, ANAMAH, leve mo dòd grèv li te lanse pou madi 31 mas ak demen mèkredi premye Avril la apre yon antant avek Ministè Lajustis. 2 pati yo sisyen yon pwotokòl akò ki pran an konsiderasyon prensipal revandikasyon jij yo, tankou aryere salè, respè pou pouvwa judisyè a, ak enstalasyon Konsèy Superyè Majistrati a.

Direktè jeneral ministè justis la, Josué Pierre-Louis, fè konnen pat gen mezantant ant 2 pati yo, se senpleman yon pwoblèm kominikasyon. Mesye Pierre-Louis ajoute : «minis justis la, Jean Joseph Exume, pwomèt pou bay ANAMAH yon repons nan yon mwa, e li pral mande Komisyon ki an chaj sètifikasyon juj yo pou l’ akselere travay pou fasilite enstalasyon Konsèy Superyè Majistrati a".

Prezidan ANAMAH a, juj Durin Duret akeyi akò sa a avèk satifaksyon. Sepandan, li fè konnen li pa pral rete bra kwaze. Mesye Duret di : « ANAMAH pral mete anpil presyon sou ministè la justis pou fose l’ enstale Konsèy Superyè Majistrati a ki gen 9 manm.» Juj Duret repwoche ministè lajistis dèske lap trennen ak dosye a alòske yo finn chwazi 9 manm Konsèy Majistrati a depi apeprè yon lane.

Wòl Konsèy Superyè Majistrati a,se administre pouvwa judisyè a e wetire l' anba kontwòl pouvwa ekzekitif la.


.

XS
SM
MD
LG