Accessibility links

Breaking News

Nouvèl  Sou Spò pou Lundi 30 Mas la


Baskètbòl Univèsitè

Ekip Inivèsite eta Michigan nan ak ekip Inivèsite Caroline di nò a mete ansanm ak Villanova ak Connecticut pou fòme 4 ekip ki kalifye nan final pou detèmine nouvo chanpyon Baskètbòl Univèsitè yo ki rele Mas an Foli. Michigan siprann nimewo 1 an Louisvil 64 a 62 pou l ranpòte rejyon Santwès la. Samdi 4 Avril la Michigan ap rankontre Connecticut nan semi final. Caroline di nò ap rankontre Villanova nan lòt semi final la. Venkè yo ap rankontre an final Lendi 6 Avril pou konnen nouvo chanpyon sezon 2008-2009 la.

Foutbòl/ Koup di Mond/ CONCACAF

Peyi yo nan zòn Concacaf la ap pare pou patisipe nan 3 zyèm jounen ekzagonal final eliminatwa koup di mond Afrik di Sid 2010 la Mèkredi 1e Avril la apre yo finn patisipe nan 2 zyèm jounen an Samdi. Etazini, kap akeyi Trinidad ak Tobago nan Nashville nan eta Tennessee Mèkredi, remonte yon defisi 2 a 0 pou l fè match nul 2 a 2 ak Salvador. Salvadoryen yo pral rankontre Kosta Rika ki pèdi 2 a 0 fas ak Meksik. Rankont sa a ap jwe nan San Jose. Meksiken yo ap mete tèt pou Honduras kote yo pral rankontre seleksyon lokal la. Honduras te fè match nul 1 a 1 ak Trinidad e Tobago. Apre 2 zyèm jounen an Etazini nan tèt group la ak 4 pwen answit nou jwen Meksik ak Kosta Rika pataje 2 zyèm plas ak 3 pwen yo chak. Trinidad e Tobago, Salvador gen 2 pwen yo chak epi Onduras nan ke kamyonèt la ak 1 pwen. 3 zyèm jounen an ki fikse pou Mèkredi 1e Avril ap enpòtan pou seleksyon kap chache youn pami 3 plas ki disponib pou zòn Concacaf la nan koup di mond FIFA/ Afrik di Sud 2010 la.

Foutbòl / Amerik di Sid

Nan Amerik di Sid la Brezil fè match nul 1 a 1 ak Ekwatè. Chili pilonnen Perou 3 a 1. Arjantin krabinen Venezuela 4 a 0. Paragwe tonbe devan Urugwe 2 a 0. Kolonbi pat bay Bolivi oken chans pou l kale l 2 a 0. Nan klasman jeneral la Paragwe nan tèt group la ak 23 pwen. Arjantin ak Chili pataje 2 zyèm plas la ak 19 pwen yo chak. Brezil klase an 4 trièm pozisyon ak 18 pwen epi Urugwe gen 16 pwen.

Foutbòl / Eròp/ Koup di mond

Sou kontinan Ewopeyen an Itali ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Montenegro pou l domine group 8 la ak 13 pwen. Almay wouze Liechtenstein 4 a 0 pou l domine group 4 la ak 13 pwen. La rusi klase 2 zyèm apre yon viktwa 2 a 0 li ranpòte devan Azerbaijan. Nan gwoup 4 la toujou Finland kale peyi dè Gal 2 a 0. La Oland danse sou Ekòs 3 a 0. La Frans ranpòte yon viktwa tou mens devan Lituani 1 a 0. Turki tonbe 1 a 0 devan Espay pandan Portugal konsole l ak yon match nul 0 a 0 fas a la Swèd.

Foutbòl/ Afrik/ Panik

19 moun mouri pou pipiti e plis pase 130 lòt blese apre yon panik nan yon stad foutbòl nan Kot Divwa kote seleksyon lokal la tap akeyi Malawi pou match kalifikatif koup di mond Afrik di Sid 2010 la. Kot Divwar ranpòte rankont la 5 a 0.

Toujou sou kontinan Afriken an Togo ranpòte yon vikwa tou mens 1 a 0 devan Cameroun gras ak Emmanuel Adebayor ki make bout gòl la nan group A a. Nan group B a sou kontinan Afriken an Tunizi kale Kenya 2 a 1. Nan group C a Wanda fè match nul 0 a 0 ak Aljeri pandan Soudan konsole l ak yon match nul 1 a 1 kont Mali. Bukina Faso tronse Guine 4 a 2. Match sa yo jwe nan kad faz final pou detèmine 5 reprezantan kontinan Afriken an.

Olenpik/ Afrik

Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogge deklare lendi a nan Nouvèl Zeland koup di mond football kap òganize an Afrik di Sid an 2010 kapab sèvi pou ede yon peyi sou kontinan an akeyi yon je zolenpik. Msye Rogge di komite a ta renmen je zolenpik yo dewoule sou tout kontinan.

Foutbòl/ Etazini

Nan lig foutbòl premye divizyon ameriken an DC United fè match nul 1 a 1 fas a Chicago Fire Samdi 28 Mas la. Dallas pèdi 2 a 0 devan Chivas USA. Chikago, Toronto ak New England pataje premye plas la ak 4 pwen nan konferans ès la. Nan konferans Lwès la Seattle ak Chivas USA ap pataje premye plas la ak 6 pwen yo chak.

XS
SM
MD
LG