Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Lavalas Anti-Prézidan Préval Nan Kap-Ayisyen


Plizyè santèn patizan ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide manifete nan vil Kap-Ayisyen vandredi 27 mas la pou eksprime kòlè yo kont prezidan René Préval. Pwotestatè yo denonse msye Préval ki, selon yo, pa fè anyen pou mennen tounen nan peyi Dayiti lidè Fanmi Lavalas la kap viv an'n ekzil depi ane 2004 nan Afrik Di Sid apre yon soulèvman te fòse l' remèt pouvwa a an fevriye menm ane a.

Manifestan yo denonse tou òganizasyon eleksyon senatoryal pasyèl ki fikse pou 19 avril la--eleksyon kote okenn kandida Pati Lavalas la pap patisipe pou yon kesyon pwosedi, dapre Konsèy Elektoral pwovizwa a ki te bay yo tout kanè paske yo pat prezante okenn pyès ki pwouve yo genyen manda lidè Pati a, Jean-Bertrand Aristide, pou yo prezante yo anba bannyè Fanmi an kòm kandida, jan lwa entèn Pati Lavalas la ekzije li. An pli de sa, 3 segman ki te pwoklame yo se reprezantan Pati Fanmi Lavalas te prezante yo chak divès kandida pou menm pòs la--yon sitiasyon konfizyon pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a (sic) kap òganize eleksyon yo.

Pou plis detay sou tèm sa a ale sou ralonj ki anwo, adwat paj wèb la epi fè yon klik sou ralonj sa a.

Yon lòt kote, tòchon an sanble ap boule ant ant Inite Lit Kont Kowupsyon an (ULCC) ki deklare li mentni rapò li prepare e ki revele plizyè palmantè ayisyen te resevwa lajan nan men ansyen direktè Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès la (ONA), Sandro Joseph. Dapre rapò direktè ULCC a, Amos Durosier, 49 depite ak 5 senatè te resevwa ant 50 mil a 100 mil goud nan kès L'ONA--yon antrepriz Leta kreye pou finanse retrèt sitwayen ayisyen kap travay nan sektè piblik e prive ayisyen an. Chanm depite deside lap entèpele (konprann: konvoke) minis finans lan, Daniel Dorsinvil ak Amos Durosier pou yo konparèt e vinn eksplike kouman "yo fè li", vinn di "dekiprevyen".

Depite yo di se "sibvansyon" yo te solisite nan men L'ONA, men mesye Durosier deklare tip tranzaksyon sa yo pa sanble ditou ak sibvansyon... e li tabli diferans lan pou yo nan mikwo kòlèg nou Jean-Pierre Leroy. Mesye Dorsinvil ak mesye Durosier di yo "mentni" sa ki ekri nan repò a e yo pre pou y'al defann li nan Chanm depite a jou konvokasyon an ki fikse pou Madi 31 mas la.

Nou ka koute presizyon mesye Durosier a sou ralonj ki mache ak 2 atik sa yo, anwo e adwat paj sa a.


XS
SM
MD
LG