Accessibility links

Breaking News

Minustah Koumanse Pran Dispozisyon Pou l' Ranfòse Sekirite Pandan Peryòd Elektoral la


Responsab Minustah yo anonse Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti a pare l' pou l' deplwaye militè ak polisye pou ede mete sekirite nan jou eleksyon senatorial pasyèl ki pral dewoule nan peyi a nan dat 19 avril kap vinn la a. Clarens Renois, Korespondan Lavwad-Lamerik nan Potoprens di nou nan yon konferans Pou laprès yo bay nan Pòtoprens, chèf Asistans elektoral Minustah a, Marc Plum, di Misyon an pral mobilize 6 mil sòldad nan okazyon eleksyon an.

Lòt tèm ki kontinye ap fè pale de li se sitiasyon imigran ilegal ayisyen peyi Etazuni ap depòte ou sou wout pou depòte nan peyi a. Yon avoka ayisyen-ameriken espesyalis nan zafè imigrasyon te abòde tèm sa a ankò nan peyi Dayiti. Li di kanal diplomatik se sèl rekou gouvènman ayisyen an pou l' pèsyade administrasyon Prezidan Barack Obama a pran ka konpatriyò ayisyen sa-yo.

Jean-Max Blanc genyen yon repòtaj sou dosye sa a depi vil Pòtoprens.

Anfen, se korespondan nou Galilee Perilus ki depi vil Sen-Mak ki va enfòme nou sou pwoblèm elektrisite ak blakawout (ak tout lòt konsekans ki mache avèk yo) kap boulvèse vil Popilasyon an ki envite otorite santral yo fè kichòy pou rezoud pwoblèm kouran an.

Nou envite ou fè yon klik dwat sou ralonj ki mache ak atik sa a, anwo adwat paj wèb la pou n' tande devlopman yo.

XS
SM
MD
LG