Accessibility links

Breaking News

Dezyèm ak Twazyèm Jounen Eliminatwa Koup du Mond la


Foutbòl KONKAKAF

Balon pral woule nan zòn KONKAKAF la pandan Samdi 28 Mas ak Mèkredi 1 Avril nan okazyon 2 zièm ak 3 zièm jounen ekzagonal final eliminatwa koup du mond Afrik du Sud la. Salvador, kap akeyi Etazini Samdi 28 Mas la, te bay dirijan ak fanatic yo gwo kè sote apre 23 jwè te abandone seyans dantrenman an pou ekzije yon prim pou tèt yo te ede seleksyon an kalifye pou round final KONKAKAF la. Jwè yo te reprann antrenman apre 2 pati yo te jwen yon antant. Salvadoryen yo, bezwen yon viktwa, apre match nul 2 a 2 te fè fas a Trinidad and Tobago nan premye rankont la. Apre rankont Etazini an Salvadoryen yo ap rankontre Kosta Rika le 1 Avril.

Trinidad and Tobago pap gen sèvis Dwight Yorke lè yap rankontre Honduras nan menm jounen 28 Mas la. Antrenè Trinidadyen an Kolonbyen Francisco Maturana ap oblije itilize sèvis Russell Latapi ak Carlos Edwards pou konble vid la. Trinidadyen yo gen pou mete tèt pu Nashvil Tennessee kote yo gen pou rankontre seleksyon ameriken an 1 Avril.

Duèl jounen an rete rankont Meksik kont Kosta Rika kap jwe nan stad Azteka a. Meksiken yo pap gen sèvis kapitèn seleksyon an Rafael Marquez kap purje yon suspansyon 2 match. Apre defèt 2 a 0 Meksiken yo te subi devan Etazini-yon viktwa ap remonte moral ekip la ki gen pou rankontre Honduras 1 Avril.

FIFA/UEFA/ WADA

FIFA ak Inyon Foutbòl Eropeyen an pete koken ak Ajans Anti Dopaj Mondyal sou fason yo vle fè tès anti dopaj sou foutbolè yo. 2 institisyon yo voye yon lèt tou louvri bay Ajans Anti Dopaj Mondyal pou mande rekonsidere règleman ki vize pou foutbolè yo founi enfòmasyon pandan yon lane sou adrès yo kapab trouve yo pandan 1 hè-d-tan chak jou. Mezi a antre an aplikasyon depi Janvye 2009.

Nan deklarasyon an FIFA ak UEFA di gen yon diferans fondamantal ant yon atlèt kap pratike yon disiplin endividyèl ak yon lòt ki fè pati yon klub—donk li pafisil pou jwen atlèt sa a. Ajans la pa montre oken siy ke lap chanje politik sou fason li teste atlèt yo an deyò konpetisyon ki se poto mitan tès anti dopaj kont atlèt kap konsome dròg pou renmèt bèl pèfòmans sou teren an.

Foutbòl / Etazini

4 pami pi gran klub foutbòl mondyal ap patisipe nan yon toune foutbòl entènasyonal nan 6 vil ameriken pandan sezon été a. Klub sa yo se Milan AC, Inter de Milan, Chelsea ak klub Meksiken Amerika.

Inter de Milan ki sou wout pou l ranpòte chanpyona Seri A Italyen an ap demare tounwa a le 19 Juyè nan Palo Alto an Kalifòni kont klub Amerika. 2 jou apre Inter de Milan ap rankontre Chelsea nan Stad Rose Bowl la nan Pasadena toujou an Kalifòni.

Milan AC ap rankontre Klub Amerika nan Georgia Dome nan Atlanta 22 Juyè avan li rankontre Chelsea 2 jou apre nan Baltimore- Maryland. 26 Juyè nan Gilette Stadium nan Foxborough tou pre vil Boston la tè pral tranble lè Inter de Milan ap rankontre Milan AC epi nan Dallas Chelsea pral mate balon fas a klub Amerika.

19 Juyè Inter de Milan ap jwe kont Los Anjeles Galaksi nan yon match chofe jarèt kondisyon ki te pèmèt angle David Beckham pwolonje sèvis li nan Milan AC jus nan fen sezon foutbòl Italyen an.

UEFA/ Kongrè

Prezidan Inyon Foutbòl Eropeyen an Michel Platini fè konnen yo koup dEròp 2012 la kapab pa rapòte menm kantite lajan yo te antre pandan koup derop 2008 la ki te òganize an tandem ant la Swis ak Otrich. Òganizasyon foutbòl Eropeyen an te akòde La Polòy ak Ukrèn dwa pou yo òganize ansanm edisyon 2012 la malgre difikilte peyi òganizatè yo te kapab rankontre pou konstrui wout, ayeropò,repare ou byen konstrui nouvo stad ak otèl.

Platini, ki te pran la pawòl nan okazyon ouvètu kongrè UEFA a, di reset yo ap mwens konpare ak kantite lajan yo te reyalize nan edisyon 2008 la ki te rapòte yo 2 milya dola dwa televizyon ak publisite.

Michel Platini deklare devan patisipan kongrè anyèl UEFA a magouy pou fè yon klub ou byen yon peyi ranpòte la viktwa se pi gwo pwoblèm foutbòl ap fè fas.

Inyon Foutbòl Eropeyen an akize prezidan klub Masedonyen FC Pobeda ak youn pami foutbolè klub la kòm moun ki ta fè magouy nan lig chanpyon an sa gen 5 kan. Nan deklarasyon dirijan yo fè 2 endividi sa yo manipile rezilta yon match an favè yo.

Ekip Masedonyen an te pèdu 3 a 1 devan klub Armenyen FC Pyunik an Juyè 2004 epi yo fè match nul 1 a 1 nan okazyon match ale Lig Football Eropeyen an. Klub Pobeda a te elimine nan okazyon an. Komite disiplinè UEFA a pral tande depozisyon sou dosye a 17 Avril

FIFA/ Olenpik

Vis prezidan FIFA a Sud Koreyen Chung Moong-Jung eksprime supriz li apre deklarasyon Sepp Blatter fè pou di li pral ranfòse laj limit foutbolè kap patisipe nan je zolenpik yo dwe genyen.

Msye Blatter vle tout foutbolè kap patisipe nan je zolenpik 2012 la dwe gen 20 tan. Règleman ki an vigè yo fikse laj patisipan yo a 23 zan epi 3 lòt jwè ki pi aje nan seleksyon nasyonal la. Demach msye Blatter a dwe jwenn aprobasyon asanble jeneral FIFA ki gen pou dewoule nan Bahamas an Jwen pwochen.

XS
SM
MD
LG