Sitiyasyon ekonomik la o Zetazini e atravè lemond, kontinye bay lidè ameriken yo ak dirijan divès peyi ak òganizasyon entènasyonal anpil kè-sote. Se konsa prezidan ameriken an, Barack Obama,
|
Se konsa tou, yè mèkredi a 2 gwo otorite mondyal --Premye Minis britanik la, Gordon Brown, ak Sekretè Jeneral l'ONI an, Ban Ki-moon-- te bay yon konferans pou laprès nan New York kote yo fè konnen espwa yo plase nan Somè G-20 an ki pral dewoule nan vil Lond nan dat 2 avril 2009 la. Yo tou lè 2 espere lidè ki pral patisipe nan rankont ekonomik sa a va genyen yon atansyon espesyal pou peyi ak pèp pòv yo, pandan y ap chache kèk solisyon global pou youn nan pi gwo kriz ki frape ekonomi mondyal la depi plizyè dizèn dane.
Pou w koute detay sou nouvèl sa a, klike sou lyen anlè a, adwat