Accessibility links

Breaking News

Ayiti Defini 5 Pryorite pou Konferans Entènasyonal Bayè de Fon yo nan Washington DC


Ministè finans ak ministè planifikasyon nan peyi Dayiti ap fè yon dènye pase men nan dokiman estratejik yo pral mete devan bayè de fon entènasyonal yo nan konferans 14 avril la ki pral dewoule nan Washington DC.

Reprezantan BID la (Bank Entè amerikèn Devlopman) nan Pòtoprens, Philippe Dewez, di Lavwadlamerik gouvènman ayisyen an pral prezante kèk pwojè nan 5 sektè priyoritè.

Mesye Dewez deklare : «Nan DSNCRP a, (Dokiman Estratejik Nasyonal Kwasans ak Rediksyon Povrete) ki totalize 4 milya dola, gouvènman ayisyen an chwazi pwojè nan sektè tankou wout, enèji, agrikilti, edikasyon, sante ak pwotekson basen vèsan yo pou yon anvlop 900 milyon dola.»

Pou sa ki konsène preparasyon dokiman an, teknisyen ayisen yo jwenn konkou biwo BID ak Bank Mondyal nan Pòtoprens. Sepandan, reprezantan Bank Entè amerikèn Devlopman-an, Philippe Dewez di : « Se Ministè finans, ministè planifikasyon ak biwo primati a ki fè pi gwo travay la.»

Reyinyon Entnènasyonal bayè de fon yo sou Ayiti ap fèt 14 avril e lap dire yon sèl jou, soti nan maten rive nan apremidi. Bank Entè Amarerikèn Devlopman di li deja fè Ayiti kado 100 milyon dola pou ane 2009 la.

XS
SM
MD
LG