Nan moman kòmantè ap fèt nan divès sektè sou desizyon gouvènman ayisyen an pran, ansanm ak Misyon Nasyon Zini nan peyi a (MINUSTAH) pou yo voye polisye ayisyen kòm gadyen lapè ann Afrik -pi presizeman nan peyi Tchad- pòtpawòl misyon l'ONI an, Sophie Boutaud de la Combe ban nou kèk presizyon. Pandan pòtpawòl la t ap pale avèk Jean Robert Philippe, li abòde kesyon sa yo:
-Konbe polisye ayisyen k ap fè pati fòs l'ONI an nan Tchad?
-Eske polisye yo gen yon peryòd fòmasyon pou yo swiv?
-Ki kritè seleksyon polisye sa yo?
-Eske sa ta vle di, nan je Oganizasyon Nasyon Zini, polisye ayisyen yo fè gwo pwogrè jiskaske yo kalifye pou yo patisipe nan misyon mentyen lapè entènasyonal yo?
Pou w koute detay yo, ale sou sit entènèt Lavwadlamerik la, vizite griy ki a goch la, epi chwazi pwogram mitan jounen an pou jodi jedi 19 mas 2009 la.