Accessibility links

Breaking News

Fifa Konfime 11 Peyi Enterese Oganize Koup Di Mond Foutbòl 2018 la


Foutbòl/FIFA kOUP du Mond

FIFA konfime ofisyèlman nouvèl ki fè konnen 11 peyi manifeste entansyon-yo pou yo ta òganize koup du mond 2018 ak koup du mond 2022 yo. 5 pami yo déjà òganize yon koup du mond (se : Japon ak Kore du Sud an 2002, Etazuni an 1994, Meksik 1970,1986 epi Angletè an 1966). Lòt kandida yo se Ostrali,Endonezi, Katar, la Rusi, Meksik, yon konbninezon tèt ansanm Bèljik/la Oland epi yon tandèm Espay/ Pòtugal. Tout kandida yo aplike pou tou lè 2 konpetisyon yo, eksepte Katar ak Kore du Sud ki aplike pou koup du mond 2022 a sèlman.

La Beljik ak La Oland , Espay ak Pòtugal gen juska Me 2010 pou yo soumèt yon kandidatu unik si yo vle separe kandidatu yo ; san sa FIFA pral kenbe aplikasyon 2 peyi-yo yo déjà prezante pou yo òganize konpetisyon an ansanm.

5 pami kandida yo se peyi ki sou kontinan Azyatik la, 2 nan Konkakaf la epi 4 twouve yo ann Ewòp. Peyi Eropeyen yo, ki gen 13 plas sou yon total 32 patisipan nan faz final koup du mond la, pati favori pou oganizasyon mondyal 2018 la.

Peyi dakèy la dwe gen 12 stad ak yon kapasite 40 mil plas pou pipiti, ak yon lòt ki kapab akeyi 80 mil moun pou pipiti pou match douvètu-a ak final konpetisyon an.

Kandida yo dwe pran angajman pou yo envesti plizyè milya dola nan konstruksyon nouvo stad ou byen repare sa ki déjà egziste yo, amelyore enfrastruktu woutyè, konstrui otèl, ak ayeropò.

Mwa pwochen an FIFA gen pou l bay detay sou kondisyon yon peyi dwe ranpli pou l oganize koup du mond la.

Peyi kandida yo gen pou yo renmèt yon dokuman ofisyèl disi 11 Desanm. Manb komite ekzekutif FIFA a –ki gen 24 manb-- ak lòt responsab gen pou yo vizite peyi ki kandida yo. Komite Ekzekutif la ap chwazi peyi-òganizatè pou 2 koup du mond yo an Desanm 2010.

Men yon senaryo posib : Si se yon peyi Eropeyen FIFA seleksyone pou oganize koup du mond 2018 la, batay la pral sere ant Etazuni, Meksik, Endonezi, Katar, Ostrali ak Japon e Kore du Sud. Nan ka sa a, sanble Meksik ta pati favori paske li déjà oganize 2 koup du mond-lòt konpetitè yo ta kapab Etazuni ki te akeyi koup du mond-la an 1994, menm si football pa yon spò tradisyonèl nan peyi sa-a. Japon ak Kore du Sud --ki te òganize mondyal-la ansanm an 2002-- kapab jwenn chans pa yo tou.

Pandan lontan, FIFA pat janm an favè lide pou 2 peyi òganize yon koup du mond an tandèm apre konpetisyon Japon/ Kore du Sud 2002 a. Se tèlman vre, an 2004 Federasyon Entènasyonal Football Asosyasyon-an te rejte kandidatu Libi ak Tunizi te soumèt pou yo te òganize koup du mond 2010 la ansanm.

Jodi a FIFA ap fè fas ak yon lòt dilèm ak 4 peyi Eropeyen ki vle mete ansanm pou yo òganize youn pami koup du mond yo. Espay, ki numewo 1 nan klasman FIFA a, ap fè efò ansanm ak Pòtugal pou yo oganize yon koup du mond. Answit nou jwen konbinezon La Oland ak Bèljik-peyi kote football popilè anpil.

Espesyalis yo fè konnen pwoblèm ki te ekziste nan koup du mond Japon ak Kore du Sud te òganize ansanm an 2002 a, te gen plis rapò ak deplasman epi eksperyans football tradisyonèl la peyi sa yo pat genyen. Nan Peyi Eropeyen yo mwayen deplasman an pi fasil. Fanatik yo kapab sèvi ak tren, machin ou transpò an komen pou yo sòti nan yon peyi pou yo ale nan yon lòt. Kèlke swa peyi ki seleksyone pou akeyi koup du mond la, pa gen oken garanti ke efè kriz ekonomik mondyal la ap finn pase e fanatik yo pral jwenn lajan pou yo ale asiste koup du mond yo.

Foutbòl/KONKAKAF

2 klub ayisyen ap patisipe nan premye tou eliminatwa Lig Chanpyon KONKAKAF la pou zòn Karayib la. Ekip Tanpèt de Sen Mak la ap rankontre, nan la Guyan, ak yon ekip lokal, Alpha United, nan dat 21 Mas avan 2 klub yo fè yon match retou 25 Mas nan vil Sen Mak.

Kavali de Leogan ap akeyi nan Pòtoprens klub SV Britanya dAruba 22 Mas avan 2 klub yo rankontre nan match retou a nan Aruba le 30 Mas. Venkè seri ale/retou a ap kalifye ansanm ak klub Trinidadyen San Juan Jabloteh pou patisipe nan 2 zièm tou a soti 13 pou fini 20 Avril.

Venkè seri sa a pral jwenn Porto Riko Islanders pou jwe yon semi final senp nan Trinidad-Tobago le 15 Me. Final la pral dewoule nan Trinidad -Tobago 2 jou apre, ansanm ak match de klasman an. 3 premye yo ap reprezante rejyon Karayib la nan Lig chanpyon KONKAKAF la ane pwochèn.

Nan lòt nouvèl: Panama ap akeyi Haiti 31 Mas kap vini la a nan kad preparatif 2 seleksyon nasyojnal yo ap fè pou koup dò KONKAKAF la ki gen pou dewoule isit Ozetazuni pandan sezon été 2009 la.

XS
SM
MD
LG