Accessibility links

Breaking News

Ayiti Eleksyon: Politik ak Jistis


Demand branch Pati Fanmi Lavalas Doktè Maryse Narcisse ap dirije a fè pou mande entèvansyon prezidan René Préval ak Palman an pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a aksepte yo nan eleksyon an montre yo abandone demach jiridik yo an favè yon aksyon politik. Desizyon an montre volonte pati sa a genyen pou l prezan nan eleksyon pasyèl 19 Avril yo.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a rejte desizyon yon tribinal pran pou kandida pati a patisipe nan eleksyon pou 12 plas nan Sena a. Pòt pawòl KEP a, Frantz Bernardin, di desizyon pou rejte kandida Lavalas yo baze sou Lwa Elektoral la. Msye Bernardin, ki refere l ak atik 197 konsitusyon an, di tribinal la pa konpetan pou tranche kesyon ki gen rapò ak eleksyon.
Mirlande Manigat, yon konstitisyonalis, di lefèt ke Konstitisyon 1987 la bay KEP a anpil pouvwa, sa rann li difisil pou desizyon tribinal la aplike. Sekretè-Jeneral Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes ( RDNP) ajoute, Pati Fanmi Lavalas pa gen okenn lòt demach li kapab fè pou fòse Konsèy Elektoral Pwovizwa a retounen sou desizyon n.

Avoka ki reprezante branch Maryse Narcisse nan Fanmi Lavalas ensiste pou di enstitisyon elektoral la dwe ekzekite desizyon mèt Jean Claude Douyon pran nan tribinal refere a. Nan deklarasyon Majistra a fè nan laprès, li di desizyon an baze sou atik 1748,1749 Kòd sivil la, sou validite manda Maryse Narcisse la kòm reprezantan lidè pati Fanmi Lavalas la, Jn-Bertrand Aristide, yon dokiman KEP a pran kòm referans pou li ekate kandida Fanmi Lavalas yo.

Pati Fanmi Lavalas te pote dosye a devan yon tribinal espesyal apre enstitisyon elektoral la te rejte pou yon dezyèm fwa tout kandida pati a poutèt yo pat gen otorizasyon responsab pati a, Jn-Bertrand Aristide, kap viv annegzil nan peyi Afrik di Sid. Kominote entènasyonal te mande enstitisyon elektoral pwolonje delè enskripsyon yo pou pèmèt kandida yo konplete dosye yo. Konsèy la te repeche kèk pami kandida yo, men li te rejte tout kandida Lavalasyen yo, toujou pou rezon teknik. Lòt branch Lavalas la, ki gen nan tèt li ansyen Premye Minis Yvon Neptune, poko pwononse l ouvètman sou sitiyasyon an.

Pozisyon Konsèy la fè anpil moun poze kesyon sou avni eleksyon 19 Avril yo. Lavalasyen yo reprezante yon gwo fòs sou teren an akoz pouvwa mobilizasyon yo. Sipòtè Lavalas yo te deja di pap gen eleksyon si yo pa ladan n.

Plizyè scenario posib nan ti dife boule ki ekziste ant KEP a ak Lavalasyen yo. Pouvwa ekzekitif la kapab ranvwaye manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Aksyon sa a ta kapab louvri wout la pou eleksyon yo dewoule apre Novanm 2009, pou renouvle 2 tyè sena a ak pwobableman patisipasyon Lavalasyen yo. Pou rezon ekonomik, gen kèk sektè ki swete pou eleksyon yo ta ranvwaye.

Mèkredi 11 mas, Konsèy Elektoral la te fè fas ak yon premye tès lè li pat rive enstale manm Biwo Elektoral Kominal vil Gran Gwav ki sitye direksyon Wès kapital la Pòtoprens. Manifestan ki te gen baton ak manchèt nan men yo te pwoteste kont enstalasyon 3 nouvo manm ki pat figire sou lis rezilta konkou enstitisyon elektoral la te òganize pou fonksyon sa a.

Pou kounye a, KEP a di lap kontinye enstale manm Biwo Kominal yo (BEC). Responsab yo fikse pou Lendi 16 Mas la ouvèti kanpay la elektoral la. Gen kèk sektè ki toujou kwè eleksyon yo ap ranvwaye akoz lantè « processus » la.


jphilipp@voanews.com

XS
SM
MD
LG