Depite ak senatè ayisyen yo vote 5 konvansyon nan yon asanble nasyonal ki dewoule jedi swa nan Palè Lejisatif la nan Potoprens nan kad yon ajenda Pouvwa Lejislatif la te prepare ak Pouvwa Ekzekitif la. Prezidan asanble nasyonal-la, Kelly Bastien, bay Lavwalamerik kèk presizyon sou kesyon sa a.
Yon lòt kote, yon delegasyon Konsèy Sekirite Nasyonzini k ap vizite Ayiti depi mèkredi, rankontre plizyè sektè nan peyi a. Korespondan nou Clarens Renois di nou pou jounen vandredi a, manm delegasyon an ale nan 2 vil pwovens: Gonayiv kote y ap vizite enstalasyon Misyon l'ONU an (MINUSTAH) gen nan zòn nan pou ede viktim siklòn yo; epi Fort Liberté, kote yo va rankontre ak twoup entènasyonal k ap asire siveyans sou fwontyè Ayiti pataje ak Repiblik Dominikèn nan.
Anfen komisyon prezidansyèl pou aplikasyon Lwa HOPE 2 a deklare jodiya visit yon delegasyon Sekretè Jeneral l'ONU an, Ban Ki-moon, te dirije nan Pòtoprens sa pa gen lontan e ki te gen ladan n ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton ak plizyè òm dafè, pral genyen yon efè pozitif sou endistri soutretans la nan peyi Dayiti. Prezidan komisyon an, George Sassine, di Lavwadlamerik yon siy pozitif se retou konpayi Walt Disney nan Pòtoprens.
Pou w koute detay nouvèl sa yo, klike sou lyen ki anlè a, sou la men dwat.