Foutbòl/ Koup du Mond
Kosta Rika, Trinidad and Tobago, Ondiras ak Etazini kalifye pou faz final koup du mond U-20 an kap dewoule an Ejipt soti 24 Septanm pou fini 17 Oktòb ane sa a.
Kosta Riken yo kalifye apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte sou Kanada nan eliminatwa koup du mond U-20 an kap dewoule nan Trinidad and Tobago pou zòn KONKAKAF la. Trinidad and Tobago fè match nul 2 a 2 ak Meksik pou l jwenn dènye plas pou semi final la.Etazini ak Ondiras te déjà kalifye pou semi final konpetisyon an.
Nan semi final la kap jwe pou demen Vandredi-a, Kosta Rika ap rankontre Onduras epi Etazini ap woule balon ak Trinidad and Tobago.
Chanjman nan kalandriye match ale premye tou Lig Chanpyon Konkakaf afekte 2 klub foubòl ayisyen : Kavaly de Leogane ak Tampèt de Sen Mak. Alfa United dAruba ap akeyi Tampèt de Sen Mak le 21 Mas nan Georgetown ; Kavaly de Leogane ap akeyi Britanya 22 Mas nan Leogane.
Nan match retou a, Tampèt de Sen Mak pral akeyi Alfa, le 25 Mas epi Britanya pral tope kòn-li ak Kavaly de Leogane le 30 Mas.
Foutbòl/MLS/FIFA
Prezidan FIFA a, Sepp Blatter, sugjere pou lig football balonwon ameriken ta chanje periòd li òganize chanpyona premyè divizyon an. Dapre pwopozisyon mesye Blatter-a, tounwa-a tap kòmanse nan sézon otòn-nan, tankou sa fèt nan chanpyona ewopeyen-yo, pou’l fini anvan sezon Ete ane pwochen an. Kalandriye aktuel la, ki koumanse nan sezon prentan-an pou’l fini nan fen Ete-a, kreye difikilte pou transfè jwè ameriken kap evolye an Eròp pou vini nan MLS la e vis vèsa.
Foutbòl/ Ewòp
Chanpyon an tit Lig chanpyon Eropeyen an, Manchester United, kalifye pou kar de final konpetisyon an apre yon viktwa 2 a 0 li ranpòte devan Inter de Milan. Arsenal kalifye sou tir de penalite apre li kale AS Wòma 7 a 6. Barselòn van-nen klub franse Lyon 5 a 2 pou kalifye tou nan kar de final la. FC Porto kalifye apre yon match nul 0 a 0 ak Atletiko de Madrid. Match ale a te fini 2 a 2. Lòt kalifye yo se: Bayern de Munick, Chelsea, Liverpool ak Villarreal.
Yon lòt kote, Inyon Football Eropeyen an vle pou la polis Italyen ranfòse sekirite pandan final Lig chanpyon an ki pral dewoule 27 Me kap vini-an nan vil Wòm. Demand sa a tonbe apre atak ak kout kouto enkonifè yè sou 3 fanatik Arsenal pandan match retou Lig Chanpyon Eropeyen an ant AS Wòma ak Arsenal---yon rankont women yo pèdu sou pwòp teren yo nan stad olenpik la.
Seleksyon foutbòl feminen Swedwa a kale Etazini 4 a 3 sou tir de penalite pou l ranpòte koup Algarv la ki tap dewoule nan Pòtigal. Danmak kale Almay 3 a 0 pou konsole l ak 3 zièm plas la.
Foutbòl/ Amerik
Nan match amikal entènasyonal mèkredi 11 mas-la, Meksik kale Bolivi 5 a 1 nan kad yon rankont chofe jarèt ant 2 seleksyon yo kap prepare yo pou match eliminatwa zòn KONKAKAF ak Amerik du Sud la pou Koup Du Monde Afrik Du Sud 2010
Atletis/ Afrik
Detantè rekò dumond kous 10 kilomèt la Etyopyen Haile Gebrselassie pral eseye ranpòte pou yon 2 zièm fwa kous Great Manchester a 17 Me pwochen. Gebrselassie bat yon total 26 rekò du mond.
Baskètbòl
Orlando Majik kalifye pou faz final NBA a apre li pilon-nen Chikago Bulls 107 a 79. Majik gen yon avantaj 10 rankont edmi devan Atlanta Hawks nan Divizyon Sudès Konferans de Lès la. Hawks yo ranpòte yon viktwa 100 a 93 devan Utah Jazz. MiamiHeat te fè anpil efò pou l kale Boston Celtics 107 a 99. Washington Wizards pèdi 109 a 98 devan New Orleans Hornets.