Accessibility links

Breaking News

Ayiti: KEP a Anonse Lansman Kanpay Elektoral la


Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a anonse li pran tout dispozisyon pou eleksyon senatoryal pasyèl yo dewoule nan dat 19 Avril 2009 la, e kanpay elektoral la pral komanse anvan lontan.

Anons sa a fèt apre KEP a te rejte desizyon yon tribinal te pran pou reklame entegrasyon kandida pati Fanmi Lavalas yo nan eleksyon yo. Konsèy la apiye li sou Manman-Lwa peyi a pou di ke tribinal sa a pa gen konpetans pou li tranche kesyon elektoral.

Nou gen yon korespondans Renan Toussaint depi Pòtoprens, e ou ka koutel si ou fè klik sou ralonj ki adwat paj la.

XS
SM
MD
LG