Accessibility links

Breaking News

Lafrans ak Gwadloup Jwenn Yon Antant Sou Kriz la


Nan Lagwadloup, mouvman ki sou pye pou mande chanjman nan relasyon ant Lafrans ak Depatman Outre Mer-yo (DOM-TOM), fè yon kanpe, paske pati konsène yo rive jwenn yon solisyon tanporè.

Tankou òm politik e sendikalis Jean-Paul Eluther di sa nan mikwo Lyonel Desmarattes, sitiyasyon an pa evolye menm jan nan Matinik ak Giyàn Fransèz.

Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la, pou w koute deklarasyon Msye Eluther.

Nouvo Devlopman: Komès koumanse relouvri nan Guadeloupe apre yon grèv 44 jou ki te paralize tèritwa Outre-mer fransè a. Mouvman grèv la leve apre yon pwomès ogmantasyon salè pou moun ki pap touche anpil kòb yo. Sendika ak otorite yo siyen yon akò mèkredi swa pou yo mete 250 dola sou salè travayè yo pou ede yo fè fas ak fenomèn lavi chè ki te deklanche mouvman grèv la.

Pandan pwotestasyon yo, manifestan te chavire otomobil, piye magazen e mete dife nan plizyè bilding. Yon manm sendika, Jacques Bino, pèdi lavi li anba bal pandan li tap pwoche nan direksyon yon barikad ke yon bann jèn te mete sou wout la.

Konfli sa vinn ekspoze aklè divizyon klas ak ras ki ekziste nan zile a, kote blan yo, ki an minorite, genyen plis pouvwa ekonomik e politik sou nwa yo ki an majorite.

XS
SM
MD
LG