PREMYE LOREYA: GÉRALD CASSIS [Pòtoprens]
Plan tèks la
Entwodiksyon
I. Ti kout je sou rezo Lavadlamerik la
a- Kreyasyon ak objektif Lavwadlamerik
b- Aktivite ak seksyon
c- Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la
II. Kontribisyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan pwogrè près ayisyèn nan
a- Objektivite nan bay enfòmasyon
b- Ouvèti sou rès mond la
c- Rann enfòmasyon yo aksesib pou tout kouch nan popilasyon an, toupatou sou teritwa a.
Konklizyon
*******************************
Entwodiksyon
Depi lane 1986, lè Jean Claude Duvalier fin ale, genyen yon van demokrasi ki pran soufle byen fò sou peyi Dayiti. Se sitou tout lit pèp ayisyen pou viv nan yon peyi demokratik ki ta pral mete yon bout nan rèy diktati Duvalier yo (papa-a François ant 1957-1971 ak pitit la Jean Claude ant 1971-1986) ki te dire 29 lane. Sityasyon sa a ta pral yon okazyon pou laprès ayisyèn fè travay li kòm sa dwa, jan tout rejim demokratik pèmèt sa. Konsa, depi lè sa a pou rive jounen jodi a, anpil pwogrè fèt nan sektè laprès la nan peyi Dayiti. Men pou n te ka rive la, anpil aktè pote kontribisyon yo. Pami aktè sa yo, nap site Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, ki rete youn nan media ki travay anpil pou bay bon jan nouvèl ak enfòmasyon kap ede konsolide demokrasi nan peyi a. Se nan objektif pou n montre kijan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la kontribye nan pwogrè près ayisyèn nan nap ekri tèks la.
Poun atenn objektif sa a, nap kòmanse ak yon prezantasyon sou rezo Lavwadlamerik la. Answit nap pale de Sèvis Kreyòl la. Epi nap fini pou nou montre kòman li kontribye nan pwogrè près ayisyèn nan.
I. Ti kout je sou rezo Lavadlamerik la
Avan nou antre pi fon nan tèks la, an nou fè yon ti kout je sou rezo Lavwadlamerik la. Sa ap pèmèt nou wè depi ki lè li egziste, ki objektif li, ki jan de aktivite lap mennen, san nou pa bliye divès seksyon ak sèvis li genyen, espesyalman Sèvis Kreyòl la.
a- Kreyasyon ak objektif Lavwadlamerik
Se nan dat 24 fevriye 1942 a Lavwadlamerik te difize sou lèzond pou premye fwa. Se te nan epòk dezyèm gè mondyal la. Se yon fason pou Etazini te fè tande vwa Lamerik sou sèn entènasyonal la. Paske nan epòk sa a responsab ameriken yo te kwè li te nesesè pou fè konnen ide ak pwendvi Lamerik aletranje. Fòk nou di tou nan epòk kòmansman sa a, Lavwadlamerik pat ko gen tout mwayen li genyen jounen jodi a. Men objektif li te trè klè: se te di la verite, kit se bon nouvèl, kit se move nouvèl. Se gras ak angajman sa a ki fè epi kenbe repitasyon onètete, ekilib ak objektivite ki karakterize Lavwadlamerik nan zafè enfòmasyon.
b- Aktivite ak seksyon
Nan yon ti bout tan depi li kreye, Lavwadlamerik te gentan fè anpil pwogrè. Se konsa, a pati mwa janvye 1943, plis pase 20 emetè te gentan konstwi epi plis pase 25 sèvis nan diferan lang te gentan ap difize pwogram Lavwadlamerik a travè lemond. E deja nan lane 1944 Lavwadlamerik te gentan ap difize nouvèl ak enfòmasyon nan anpil lòt lang ki pa anglè.
Nan Chat Lavwadlamerik la (ki se yon dokiman ki bay ransèyman sou sa ki Lavwadlamerik la) nou ka jwenn enfòmasyon sou aktivite rezo a, ki se: bay bon jan enfòmasyon ki presi, san fòs kote epi san kite rès; montre vizaj sosyete amerikèn nan ak enstitisyon li yo a travè lòt peyi; fè konnen politik Lamerik, yon fason klè epitou efikas.
Pou Lavwadlamerik rive atenn objektif li yo, li mete sou pye tout yon seri pwogram ak sèvis, ki itilize anpil media lokal kòm patnè pou li ka atenn popilasyon li vle enfòme a. Pwogram ak sèvis sa yo konsène anpil sijè tankou: politik (Ke se swa o Zetazini oubyen nan lòt peyi), ekonomi, espò, sinema, syans ak teknoloji, edikasyon, sante, enviwònman, dwa moun ak anpil lòt domèn ankò. Tout pwogram sa yo ap difize a travè lemond nan plis pase 40 lang ki touche plis pase 130 milyon moun sou latè. Se nan sans sa a, nan lane 1986 Lavwadlamerik te kòmanse emèt nan lang kreyòl nan peyi Dayiti.
c- Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la
Depi nan dat 7 fevriye 1986 Lavwadlamerik kòmanse difize nouvèl ak enfòmasyon an kreyòl. Depi lè sa a, moun kapab resevwa an dirèk pwogram li yo ki pase pa sateli e sou ond kout. Pwogram yo difize a travè patnè e afilye Lavwadlamerik ann Ayiti e nan Antiy kote yo pale kreyòl yo. Aktyèlman pwogram sa yo nan lè 3 fwa pa jou, soti lendi pou rive vandredi, e 2 fwa pa jou le samdi e le dimanch.
Chak edisyon pwogram sa yo dire 30 minit e ladan yo, jounalis yo prezante dènye nouvèl sou sa k'ap pase nan mond la ak nan peyi Dayiti, enfòmasyon sou espò epi nouvèl sou sa kap fè aktyalite nan domèn kiltirèl, lasyans, nouvèl teknoloji, divètisman, elatriye.
Fòk nou di tou gen anpil ribrik ak segman ki fè pati pwogram Sèvis Kreyòl la nan objektif pou travay enfòmasyon yo yon fason ki pi presi e pi efikas. Nan sans sa a, nou ka mansyone:
- Jistis USA: ki ede konprann sistèm jistis amerikèn nan;
- Yon jou kou jodi a: ki raple yon evènman enpòtan ki te pase nan dat pwogram nan ap difize a;
- Rankont ak Ti koze sou aktyalite (pwogram wikenn): ki analize an pwofondè (avèk espesyalis tout domèn) enfòmasyon ki te domine aktyalite a panadan semèn nan;
- Kòktèl e Fantezi (pwogram wikenn): ki se yon ribrik ki plis enterese jenès la, paske li konsène sitou mizik ak entèvyou jounalis yo fè ak vedèt yo.
Genyen anpil lòt ribrik ak segman toujou nan pwogram Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik ap difize ann Ayiti, tankou: Dosye espò, Kreyòl pale kreyòl konprann, Enfòmasyon an gwo plan, Repòtay espesyal, Demokrasi an Aksyon, Nouvèl an vè e an rim (Chak vandredi), Kontak, Editoryal, segman sou Relijyon, Timoun, Nouvèl peyi Karayib yo, elatriye. Tout ribrik ak segman sa yo montre divèsite ak karaktè total pwogram Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la. Se youn nan rezon ki fè nou kwè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la kontribye nan pwogrè près ayisyèn nan.
II. Kontribisyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan pwogrè près ayisyèn nan
Si nou konsidere enpòtans ak rezilta travay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la fè nan domèn difizyon enfòmasyon nan lemond e nan peyi Dayiti espesyalman, nou kapab di li kontribye anpil nan pwogrè près ayisyèn nan. Nou kapab rann kont de kontribisyon sa a de plizyè fason, men nap konsidere 3 ladan yo.
a- Objektivite nan bay enfòmasyon
Nan mond nap viv jounen jodi a, enfòmasyon se youn nan resous ki pi enpòtan pou lèzòm. Se gras avèk li nou ka pran bon jan desizyon, se li ki fè nou konprann sa kap pase epi ede nou jwenn solisyon ak kèk pwoblèm kap frape sosyete nou yo. Nan yon demokrasi se yon dwa sitwayen yo genyen pou yo jwenn enfòmasyon. Men enfòmasyon yo dwe fyab pou yo pa mennen sosyete a nan move direksyon. Nan sans sa a, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la reprezante yon sous enfòmasyon kredib pou popilasyon ayisyèn nan. Sa vle di yon bon jan enfòmasyon moun ka fè konfyans. Se yon ekip jounalis pwofesyonèl e eksperimante ak anpil korespondan kap travay pou enfòme, pou fè bon jan analiz pou ede popilasyon an byen konprann aktyalite: ke l nan domèn kiltirèl, politik, ekonomi, espò, sante oubyen lòt domèn.
Nouvèl Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik toujou baze sou fè ki pase e jounalis yo rive verifye. Se kritè objektivite sa a près ayisyèn nan dwe devlope epi kenbe pou l kontinye pwogrese pandan lap ede konsolide demokrasi nan peyi a.
b- Ouvèti sou rès mond lan
Atyèlman, okenn peyi pa kapab fonksyone e devlope si li rete fèmen nan yon ti kwen pou kont li, nan yon moman kote mond lan tounen yon gwo vilaj. Li enpòtan anpil pou yon sitwayen (de kèlkeswa peyi a) kapab enfòme de sa k'ap pase divès kote sou planèt la. Paske anpil fwa, gen de reyalite k'ap pase nan lòt kote ki ka ede konprann reyalite pa nou an epi enspire nou nan refleksyon nap fè pou aji sou reyalite pa nou an. Si nou pran kòm egzanp ouvèti Lavwadlamerik fè sou sa kap pase nan rejyon karayib la. Sa ka ede nou menm sitwayen ayisyen konnen pi byen sa kap pase nan rejyon an epi fasilite entegrasyon enstitisyon ayisyèn yo nan espas kowoperasyon rejyonal ki egziste nan zòn Karayib la. Avèk Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, près ayisyèn nan fè anpil pwogrè nan favorize plis konpreyansyon de anje kowoperasyon k'ap fèt nan rejyon an ak kèk enstitisyon tankou: CARICOM, AEC, OEA, CEPAL, elatriye.
c- Rann enfòmasyon yo aksesib pou tout kouch nan popilasyon an, toupatou sou teritwa a.
Lè nou konsidere nivo enstriksyon majorite moun nan popilasyon ayisyèn nan, itilizasyon lang kreyòl la pou bay enfòmasyon se yon avantaj pou atenn tout kouch nan popilasyon an. Yon avantaj près ayisyèn nan pat toujou bay enpòtans oubyen itilize efikasman. Nou panse Lavwadlamerik merite yon gwo koup chapo pou sa. Paske nan tradisyon près ayisyèn nan se lang fransè ki te toujou gen plis enpòtans. Lavwadlamerik montre lang kreyòl la gen tout kapasite pou l rann nouvèl ak enfòmasyon pi aksesib pou popilasyon ayisyèn nan. Nou dwe sinyale tou prezans pwogram Lavwadlamerik yo nan zòn rekile peyi Dayiti pa kanal patnè e afilye li yo. Konsa travay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la rive fè près ayisyèn nan pwogrese pou l rive bay nouvèl ak enfòmasyon toupatou sou teritwa peyi Dayiti.
Konklizyon
Nap fini pou nou di, aprè 67 tan depi Lavwadlamerik kreye e depi 23 zan lap emèt an kreyòl, li se yon aktè enpòtan nan tout pwogrè ki fèt nan nivo près ayisyèn nan, e popilasyon ayisyèn nan benefisye anpil de travay li. Nan bay bon jan enfòmasyon, nan difize bon jan analiz, nan devlope divès ribrik ak segman pou favorize konpreyansyon oditè yo sou aktyalite a e sijè kap trete nan pwogram yo, Lavwadlamerik pote kontribisyon pa l, menm jan ak anpil lòt media, nan pwogrè près ayisyèn nan depi chit rejim bout di Duvalier yo an fevriye 1986. San nou pa bliye enpak kontribisyon sa a genyen sou pwosesis konstriksyon ak konsolidasyon demokrasi nan peyi Dayiti.
**************
DEZYEM LOREYA: JEAN STEPHENSON PIERRE [Ennery, Ayiti]
Kontribisyon Vwa Lamerik nan Près la an Ayiti
Nan tout sosyete ki gent demokrasi moun dwe gen enfòmasyon. Enfòmasyon, ou istwa chak jou, bagay ki pase, dwe al jwenn piblik la. Men sa pa janm konsa, sitou pou peyi nou Ayiti. Yon epòk kote se an franse yo te konn bay enfòmasyon epi moun k’ap bay enfòmasyon yo te patizan moun ki sou pouvwa a oubyen pouvwa a te kontwole yo, vin gen yon radyo ki bay tout enfòmasyon an kreyòl pou bonè pèp ayisyen an. Radyo sa a konble anpil vid nan près la ann Ayiti menm kote li parèt, e sa merite atansyon tout moun paske sa fè li venn twa zan (23 zan) l’ap bay bon sèvis.
Nan jou ki te 7 fevriye 1986, Ayisyen nan Pòtoprens tankou nan vil provens te kapab koute emisyon yon radyo ki fonksyone yon lòt fason depi Ozetazini, Se VWA LAMERIK, an anglè Voice Of America (VOA). Depi jou sa a Ayisyen yo tande nouvèl twa fwa jou lasemèn e de fwa samdi ak dimanch konsènan sa k’ap pase nan peyi a tankou aletranje, yo kapte l pa satelit e pa ond kout. Sa ki fè repitasyon VOA, yon bò, li bay enfòmasyon nan bon ti mamit, yo klè, e jounalis li yo alèz nan yon peyi kote yo respekte près e yo pa sibi presyon; yon lòt bò, se an kreyòl yo bay enfòmasyon yo, yon moun pa bezwen fè anpil efò entèlektyèl pou li konprann yo. Sa ki kenbe atansyon tout moun, jounalis VOA yo se modèl pou jounalis ayisyen yo e pou tout jèn ki ta renmen vin jounalis... ni jounalis VOA yo ni atik y’ap bay nan nouvèl pa janm fè skandal, yon ka ki rive souvan an Ayiti.
VOA pa sèlman yon radyo nan près la, li se yon Lekòl tou, avèk anpil ribrik; se li menm ki vin ak bagay sa a an Ayiti. Li tounen yon veritab Ekòl siperyè pou edike pèp ayisyen an, li ta bon pou nou pale de kèk ladan yo.
DEMOKRASI AN AKSYON: ribrik sa a pèmèt moun gen yon ide de demokrasi sitou nan peyi Ozetazini kote se lalwa k’ap kòmamde, se pa yon moun ki fè sa l pito, yo respekte près e tout enstitisyon fonksyone nòmalman.
JUSTICE USA: ki pale sitou de pwoblèm ki gen rapò ak imigasyon.
SYANS AK TEKNOLOJI: Teknoloji ap vanse anpil anpil, chak lendi maten, li pale de bagay ki fèk parèt nan domèn sa a ak sou Entènèt la.
KREYOL PALE KREYOL KONPRANN: chak madi bò midi ak Jacques Jean-Baptiste, alyas Pè Janbon, se yon veritab alfabetizasyon kote li eksplike anpil mo kreyòl ki gen plizyè sans avèk kèk pwovèb ak ekspresyon kreyòl.
PAJ LAVI A OZETAZINI: li pale de jan moun viv Ozetazini, moun ki selèb tankou ekiven, moun ki konn fè don, mizisyen e fason pèp ameriken viv an jeneral.
ANVIWONMAN: «Tout bagay gen tan di, kòm pa gen moun k’ap koute, fòk nou rekòmanse». Sa fè dizan (10 zan) ke liv « Les problèmes environnementaux de la région métropolitaine de Port-au-Prince » mete aklè pwoblèm degradasyon anviwonman nan Pòtoprens, dokiman ki valab pou tout peyi a. Men moun ki ekri liv sa a t’ap preche na dezè e koulye a n’ap peye konsekans la. Jounalis VOA yo toujou envite yonn nan moun ki ekri nan liv sa a, savan Jocelyn David, pou kontinye pale de sijè sa a ki kenbe aktyalite a.
VOA se yon radyo ki itil anpil, se poutèt sa lòt radyo tankou Radyo Guinen, Venus, elatriye, fè moun tande VOA-sa ki pèmèt emisyon yo pase pi byen nan dis (10) depatman peyi a. Kidonk, analiz nou sot fè la a pèmèt nou konstate ki kontribisyon VOA nan près la an Ayiti. Avèk VOA tout moun nan peyi a tande enfòmasyon. Moun gen bon ide de metye jounalis la. VOA fè pou près la an Ayiti sa enprimri Gutenberg te fè pou sosyete an Ewòp la lè li te evante l.
***************
TWAZYEM LOREYA: PROSPER SCHMID [Pòtoprens]
Laprès anndan yon peyi jwe yon wòl primòdial nan bay enfòmasyon ki kapab pote bon jan limyè sou sa moun te konn ap di esa moun ap di; li kapab bay tou anpil enfòmasyon sou fason moun dwe viv nan sosyete; anplis, laprès tou se youn nan pouvwa ki lib pou l’ di sa li vle nan respè dwa youn pou lòt. Kidonk, li ka pote tou chanjman anndan yon sosyete. Ebyen, se nan menm optik, ide sa a, nou ka tou pwofite poze kesyon: ki kontribisyon Lavwa de lamerik pote nan pwogrè près Ayisyen an? Pou nou reponn kesyon sa a nou dwe konnen: kisa Lavwa de lamerik ye? Apre sa, avèk yon paralèl ant Lavwa de lamerik ak lòt media yo ‘nap ka di ki kontribisyon li pote nan pwogrè près Ayisyen an.
Lè yon sosyete ap mal mache osinon gen yon chanjman yo ta vle pote anndan sosyete sa a, ak premye bagay yo sèvi se laprès. Nan ka sa a nou ka di laprès se pòt pawòl pèp la. Se menm bagay tou nou ka di de Lavwa de lamerik ki se yon media k’ap milite depi venntwazan, k’ap bay tout moun sèvis, nan kèlkeswa kouch sosyal ou te ka ye. Pou l’ te kapab rann sa posib, li te vini avèk yon pakèk ribrik ki touche tout pwen nan vi sa. Swa an Ayiti ak lòt peyi yo tankou: Chapit Ayisyen ak Latino-Ameriken an, kote yo pale de tout sa k’ap domine aktyalite Ayisyen ak Latino-Ameriken. Epi, Demokrasi an aksyon, ki ap montre pou yo ekzèse dwa demokratik yo. Anplis, nou genyen; Edikasyon ak ribrik sou Konesans... pwen sa yo ap ede anpil jèn Ayisyen resevwa bon jan edikasyon ak bon jan konesans. Anfen, genyen Jistis USA, Espò, Editoryal ak nouvèl sou vedèt yo pou nou site sa yo simpleman.
Nou kapab wè tou ke Lavwa de lamerik touche tout bagay: politik, edikasyon, sosyete, jistis, espò, kilti ak teknoloji. Lavwa de lamerik pale anpil sou Ayisyen k’ap viv aletranje yo, sou fason y’ap viv ou sou fason yo ta dwe viv, li bay tou enpòtans dyaspora a jwe nan ekonomi Ayisyen an. Youn nan pi gwo remak nou te ka fè nan fason yo bay nouvèl yo; se nan lang matènèl nou an, kreyòl. Sa pèmèt tout Ayisyen konprann sa yo ap di yo, menm si ou pat konn ni li ni ekri. Alòs, avèk tout ribrik sa yo ke Lavwa de lamerik fè yo, nan tout bagay ki ka pèmèt yon moun byen viv, nou ka wè ki kontribisyon li pote nan pwogrè près Ayisyen an.
Avèk tout evolisyon teknoloji a ak kominikasyon an ki ap fè pale de li nan tout mond lan, se konsa tou li parèt an premye nan sa ki konsène moun ak moun, ki vin bay yon nouvèl è, è kominikasyon an. Se sa ki fè tou, laprès ap pran anpil fòs, nan sa ki konsène materyèl pou l’ sèvi pou mesaj yo ka pi byen pase. An Ayiti sitou sòti nan lane mil-nèf-san-senkant pou rive jiska lane n’ap viv jodi a, gentan genyen anpil radyo nou jwenn sou bann FM nan avèk yon pakèt jounalis k’ap travay ladan yo, ki genyen kòm wòl pou pèmèt près Ayisyen mache de pwogrè an pwogrè.
Men [...] laprès mande pou l’ lib. Depi l’ pa lib, swa ekonomikman ou de fason idewolojik, li pra ‘l tounen yon près restavèk. Li pra l’ fè sa moun di l’ fè e di sa moun di pou l’ di. E poutan, près la pa rete ak moun, li dwe di sa l’ tande ak zòrèy li ak sa l’ wè ak je l’ san l’ pa chanje anyen. Se youn nan pwen ki kapab fè n’ pale de pwogrè, se lòske media yo ap travay pou kenbe otonomi près la. Nou jwenn anpil media ki pran kòb nan men moun pou fè pase vwa yo, pou fè pase revandikasyon yo. Nan ka sa a nou ka di se detwi y’ap detwi vale laprès.
Si genyen k’ap bese, genyen tou k’ap leve eskamp figi laprès , ki pa depann de pati politik, de gouvèneman, men ki depann de pwòp tèt yo; lavwa de lamerik se youn ladan yo. Non sèlman pou près la lib men tou, se pou l’ bay laverite sou tout bagay ki konsène lavi politik, sosyal ak ekonomik. Se pou tèt sa media yo pa dwe ap voye monte avèk yon bann jounalis dwat e goch k’ap fè yon pakèt analiz politik, sosyal ak entelektyèl tèt anba, san fon, pale Fransè san di anyen pou moun pa menm kapab rive komprann yo. Men tou, lòske yon media genyen bon jan jounalis k’ap fè bon jan kòmantè ak analiz, sa ap pèmèt moun yo tande l’ plis ak fè l’ konfyans plis, an menm tan li ka kontribiye nan devlopman sosyete li ladan l’ lan.
Laprès la tou dwe touche tout pwen nan vi sosyal la, menm jan ak Lavwa de lamerik ki genyen yon bann ribrik enfòmasyon; li fè pale timoun ki nan lari yo, chef pati politik yo, chef gouvènman yo, san paspouki nan respè dwa ak devwa tout moun. Li se youn nan media tou ki ap bay kilti nou an jarèt ,ki bay jounal yo nan lang kreyòl la ke anpil media refize fè. Anplis, li genyen yon pòte entènasyonal ki vrèman pèse nan tout lòt peyi yo. Dotanplis, li fè vwa nou ak kilti nou an rive nan zòrèy letranje, kifè yo konnnen, nou se yon pèp ki gen kilti, ki genyen yon lang, kidonk lè w’ pale l’ tout moun ka konprann ou.
Alòs, se nan tout pwen sa yo nou ka pale de pwogrè nan près Ayisyen an; lòske media yo ap goumen pou kenbe otonomi yo, gen bon jan materyèl pou yo ka fè travay la pi byen, epi kontribiye nan devlopman sosyete a.
Pou nou ka konkli, nou ka di Lavwa de lamerik se yon media ki genyen anpil ribrik ki enpòtan e enstriktif ki pale de tout sa ki nan lavi menm. Li se youn nan media ki respekte tèt li, k’ap goumen pou demokrasi ak dwa politik, sosyal, moun ka respekte pami nou. An menm tan tou, li pote anpil kontribisyon nan pwogrè près Ayisyen an tankou li kenbe otonomi près la, li genyen materyèl ki anfòm ki pèmèt vwa nou ale byen lwen, li bay sipò nan devlopman sosyete Ayisyen an, li bay lang kreyòl la fòs ak youn nan pi gwo bagay li fè, li pa retire ni ajoute nan sa moun di, li fè près la vin yon près veridik.
Fè klik sou ralonj (lyen) ki anwo, adwat paj la pou w koute enpresyon yon manm ekip koreksyon an, Lyonel Desmarattes, ak yon refleksyon Direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César.