Accessibility links

Breaking News

Yon Kourè Ameriken Pèdu 3 Meday Dò


Etazini/ Atletis

Federasyon Atletis Entènasyonal la sezi 3 lòt meday dò kourè ameriken Jerome Young te ranpòte pandan karyè l apre Federasyon Atletis Ameriken an te konfime nouvèl Young te rekonèt substans entèdi te ede l ranpòte meday yo ant 1999 e 2003. Young dwe renmèt meday dò li te ranpòte nan kous relè 4 par 400 mèt la nan chanpyona atletis an sal ki te dewoule an Angletè an 2003 ansanm ak meday li te ranpòte nan chanpyon du mond Pari a ak Monako a.

An 2004 federasyon an te déjà frappe Young yon entèdiksyon avi e li te pran meday dò li te ranpòte nan je zolenpik Sidney 2000 yo kategori kous relè 4 par 400 mèt apre lit e komèt yon 2 zièm vyolasyon dopaj. Federasyon an anule tout rezulta Young te ranpòte soti Jwen 1999 e Jwen 2001.

Meday sa yo pral jwen atlèt ki te swiv Young nan klasman jeneral la. Ameriken an Tyree Washington se chanpyon du mond kous 400 mèt 2003. Meday dò kous relè an sal la al jwen Jamayik epi Jamayiken Michael Blackwood se chanpyon kous 400 mèt an sal la.

Atletis/Dopaj

Federasyon Atletis Entènasyonal la lanse yon kanpay anti dopaj pou chanpyona du mond Atletis 2009 la kap dewoule nan vil Berlen an Almay soti 15- pou rive 23 Out. Responsab yo kapab reyalize 1000 tès san ak urin pandan konpetisyon an. Prezidan òganizasyon an Lamine Diack fè konnen yap kontinye sere boulon tout atlèt kap fè magouy pou yo ranpòte meday nan diferan konpetisyon. Yap jele tout tès ki fèt pandan konpetisyon Bèlen an pou si yo ta dekouvri nouvo fòm depistaj alavni.

Foutbòl/ FIFA/AYITI

Federasyon Football Entènasyonal la FIFA kap voye an Ayiti yon ekspè finansye pou kontwole jesyon federasyon football Ayiti a. Nan tan ki pase yo federasyon an ap resevwa flèch kap soti nan tout direksyon sou movèz jesyon—akuzasyon prezidan Federasyon an pa janm sispann rejte. Federasyon an pral gen pou ran kont bay ekspè finansye a si pwojè a tounen reyalite. Sa pa gen lontan FIFA te rankontre separeman ak prezidan federasyon football ayisyen an doktè Yves Jean Bart ak Minis Spò a Evans Lescouflair sou chire pit ki genyen ant 2 belijeran yo.

Foutbòl/Eròp

Federasyon Football Nòvejyen ak la Swèd anonse entansyon yo pou akeyi ansanm koup football nasyon Eropeyen yo an 2016. Dènye fwa yon peyi Skandinav te akeyi konpetisyon an se te an 1992. Peyi ki vle poze kandidatu yo gen juska 9 Mas pou soumèt yon lèt entansyon. A pati de 2016 tounwa peyi Eropeyen yo ap gen yon total 24 ekip olye de 16.

Lòt peyi kap konsidere posibilite pou yo akeyi konpetisyon an se la Frans, Turki, Grès, Ongri, Woumani, la Rusi ak Itali. Unyon Football Eropeyen an pral chwazi peyi òganizatè a an Me 2010. Nap raple Polòy ak Ukrè n ap òganize pwochen edisyon koup dEròp 2012 la.

Dlo te kouri nan je fanatik Real Madrid yo apre ekip la tonbe devan Liverpool 1 a 0 nan match ale 8 tièm de final lig chanpyon Eropeyen an.

Chelsea ranpòte la viktwa tou devan Juventus de Turen gras ak yon gòl Didier Drogba make. Bayern de Munik danse sou Sporting de Lisbòn ak yon swif 5 a 0. Villarreal rache yon match nul 1 a 1 fas a Panathinaikos.

Foutbòl/KONKAKAF

Nan Lig Chanpyon KONKAKAF la Cruz Azul ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan UNAM. Enpak de Montreal suprann Santos Laguna 2 a 0 nan kar de final tounwa a. Chivas de Guadalajara van-nen ak gòl Everton 6 a 2 nan group 6 Kopa Libertadores de America a

Tennis

Sèb Novak Djokovic kalifye pou semi final tounwa tenis Dubai la gras ak 2 kout rakèt li pase Kwat Marin Cilic 6-3, 6-4. Nan semi final la ki fikse pou Vandredi 27 Febriye a Djokovic pral rankontre franse Gilles Simon ki kalifye ki kalifye apre li wouze ak kout rakèt favori tounwa a franse Fabrice Santoro 7-6, 6-1.

Lòt semi final la ap mete fas a fas espayòl David Ferrer fas a franse Richard Gasquet.

Bèlj Christophe Rochus elimine ameriken Sam Querrey pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis Delray Beach la International la nan Florid.

Baskètbòl

Devin Harris make 42 pwen pou ede New Jersey Nets kapote Chikago Bulls 111 a 99. Nan Washington Andre Iguodala make 22 pwen, li fé 11 pas ki make pwen epi trape balon an 9 fwa nan viktwa tou mens 106 a 98 Philadelphia 76ers ranpòte devan Washington Wizards. Indiana Pacers suprann Memphis Grizzlies ak yon viktwa 104 a 99.

XS
SM
MD
LG