Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon... Epi Ochan pou Radyo Limyè k ap Fete 5 Fwa 10 Zan


Pandan semenn nan, anpil deba fèt nan peyi Dayiti, nan dyaspora a e nan mitan kominote entènasyonal la aprè Konsèy Elektoral la pibliye lis definitif kandida ki pral kapab patisipe nan eleksyton senatoryal pasyèl 19 avril la. Nan mitan deba sa yo nou jwenn le fèt ke pa gen yon grenn kandida Pati Fanmi Lavalas la sou lis la. Prezidan konsèy la, Frantz Gérard Verret, ki pale avèk Lavwadlamerik, fè konnen, malgre delè responsab yo te bay kandida yo pou yo konfòme yo ak règleman yo, okenn nan yo pa rive fè sa. Nou genyen reyaksyon yon patizan Fanmi Lavalas nan dyaspora a, kòmantè Doktè Maryse Narcisse, lidè Pati-a nan Pòtoprens, ak deklarasyon sekretè-jeneral adjwen l'OEA a, Anbasadè Albert Ramdin, ki fikse pozisyon òganizasyon rejyonal la sou dosye a.

Yon lòt kote, vandredi 20 fevriye a make 50èm. anivèsè fondasyon youn nan pi ansyen estasyon radyo nan peyi Dayiti: Radyo Limyè (Radio Lumière). Nan okazyon an, VOA fè yon entèvyou avèk direktè estasyon an, Pastè Varnel Jeune, ki abòde avèk nou divès pwen konsènan misyon Radyo Limyè ak efò radyo a deplwaye pandan yon demi syèk pou l rete konsekan ak misyon sa a.

Pou w tande devlopman 2 pwen sa yo, klike sou lyen ki anlè a, adwat.

XS
SM
MD
LG