Rankont sa a te dewoule sou patwonaj Biwo Nasyonzuni Sou Dwòg ak Kriminalite ki te mete sou pye konferans ministeryèl 3 jou a nan Republik Dominikèn. Objektif li: ankouraje peyi nan rejyon an adopte konvansyon Nasyonzuni sou fleyo sa yo. Patisipan yo fini woumble a avèk yon deklarasyon kote yo pran angajman pou youn ede lòt redui nivo kriminalite a epi kontrekare trafikan dwòg yo. Minis Justis ayisyen an, Jean Joseph Exume, te nan tèt delegasyon Ayiti a.
Nou ka koute deklarasyon li fè bay Jean-Robert Philippe sou ralonj ki anwo, adwat paj wèb la.
Lòt pwen ki fè aktyalite se reyaksyon ki kontinye tonbe sou "kanè" Konsèy Elektoral Pwovizwa a nan peyi Dayiti re-bay kandida Lavalas la poutèt okenn nan branch ki ki voye yo nan eleksyon an pa genyen manda lidè Pati-a, ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide. Yon Asosyasyon pastè nan Eta Massachusetts, sou kò nò-ès Lèzetazini, mande pati politik yo aksepte vèdik Konsèy la nan non inite. Antretan, otorite yo nan vil Jeremie, nan metwopòl Grand'Anse lan, anonse yo pran dispozisyon sevè pou asire sekirite pandan 3 jou madi-gras yo kap tanmen dimanch 22 fevriye a.
E pou fini sekretè-jeneral adjwen Òganizasyon Eta Ameriken yo, Albert Ramdin, di Lavwad'lameik ki ajenda ki pral diskite nan pwochen Somè Amerik yo ki dwe dewoule nan mwa Avril nan Trinidad & Tobago