Klas politik ayisyèn nan mande Pati Fanmi Lavalas pou li aksepte vèdik Konsèy Elektoral la apre tout kandida pati a fin pran kanè pou rezon teknik. Yon Korespondans Rotchild François Junior depi Potoprens.
Yon responsab nan Sosyete Sivil la di le fèt ke lidè Pati Fanmi Lavalas-la, Jean Bertrand Aristide, denonse pouvwa an plas-la, se siy ki montre li pa enterese nan eleksyon pou renouvle yon tyè sena a. Korespondan nou Renan Toussaint gen detay.
Yon lidè politik mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou l' franchi lòt etap ki nesesè nan pwosesus elektoral la. Jean Hernst Eliscar ap di nou plis depi vil Okay.