Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan KEP a Defann Desizyon Ki Rejte Kandida Lavalas yo


Eske Ayiti chita nan papòt yon nouvo kriz elektoral ki ta kapab debouche sou yon kriz politik jeneralize? Analis yo ap mande ki konsekans desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pran pou li ekate kandida Lavalas yo pral genyen sou mouvman eleksyon 19 avril la.

Nan yon interview sèlman ak Lavwadlamerik maten an, Prezidan KEP a, Frantz Gérard Verret, defann pozisyon enstitisyon an ki rejte dènye lis kandida Lavalas ki te rive jwenn ni lendi 16 fevriye a.

Prezidan Konsèy Elektoral la reponn sektè ki, anba chal ou aklè, ap lanse pingga pou di eleksyon yo pap janm ka fèt si Lavalas pa nan kous la. Li mande otorite anplas yo pran responsablite yo.


Frantz Gerard Verret te pale konsa maten an ak Jean-Robert Philippe pou Lavwadlamerik.

Fè klik sou ralonj ki adwat paj la pou w ka koute repòtaj la, ak deklarasyon Msye Verret.

XS
SM
MD
LG