Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an Apwouve yon Plan Relans Ekonomik 787 Milya Dola - Prezidan Obama di li Pare pou l Siyen Dokiman an Imedyatman


Isit o Zetazini, Kongrè a apwouve yon plan relanse ekonomik 787 milya dola pou fè depans ak envestisman pou wete ekonomi amerikèn nan nan kriz l ap travèse a. Prezidan Barack Obama deja di li pare pou l siyen pwojè-lwa depite yo ak senatè yo apwouve a pou fè l tounen yon lwa aplikab imedyatman. Aprè vòt la divès palmantè ameriken fè tande vwa yo sou plan relans ekonomik la ki pase ak apui tout senatè demokrat yo plis 3 senatè repibliken, tout vwa depite demokrat yo, men zewo vwa depite repibliken. Ben Nelson se yon senatè demokrat eta Nebraska. Li pale pou l di:

"Kounyela a, lè a rive pou n bay zouti pèp ameriken an pral itilize ak kreyativite e fèm volonte pou l rebati ekonomi an epi fè n rejwenn pwosperite nou."

Senatè repibliken John McCain (Eta Arisona, ki te an fas Barack Obama nan kous pou prezidans la) pa mete dlo nan bouch li pou l di vòt pwojè-lwa sa a make yon move moman nan istwa pèp ameriken an. N ap site misye McCain:

"Pa gen pyès antant ant 2 pati politik yo sou apiye pwojè-lwa sa a. Gen anpil bagay ladan n ki pa pral ankouraje devlopman ekonomik; e kite m di sa kareman: Ak plan sa a, se vòlè nou vòlè byen jenerasyon k ap vini an."

Nan Chanm Depite a --tankou nou di l deja-- pa gen yon grenn palmantè repubiken ki vote pou apiye plan an; men li pase kanmèm paske Demokrat yo genyen yon majorite solid nan Chanm Bas la. Ann wè pozisyon Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Madam Nancy Pelosi, yon Demokrat Eta Kalifòni:

"Kongrè a pran yon aksyon plen odas e rapid pou l reyalize pwomès Prezidan an te fè pou l kreye nouvo job, bay moun nouvèl esperans e mennen pèp ameriken an nan yon lòt direksyon."

Sete pozisyon Madam Nancy Pelozi, Prezidan Chamm dè Reprezantan an, sou vòt ki dewoule nan Kongrè ameriken an nan nuit vandredi 13 pou leve samdi 14 fevriye 2009 la pou apwouve yon plan relans ekonomik ki pral fè depans ak envestisman pou 787 milya dola o Zetazini.

Pou w koute vèsyon "audio" nouvèl sa a, klike sou lyen anlè a, adwat.

XS
SM
MD
LG