Nan vil Buffola, nan pati nò Eta New York, yon avyon Continental Airlines fè aksidan byen ta nan jounen jedi 12 fevriye a. Bilan: tou lè 49 moun ki te abò aparèy la ak yon moun ki te atè, pèdi lavi yo. Aparèy la --ki sanble te gen pwoblèm motè, daprè kèk temwen-- tonbe sou yon kay nan yon katye Buffalo ki rele Clarence Center. Aksidan an te pwovoke yon gwo kokenn dife nan anplasman kote avyon an tonbe a; men ponpye pa t pran tan pou yo reponn. Se 2èm aksidan avyon ki rive nan Eta New York nan mwens pase yon mwa. Nan mitan mwa janvye a, yon aparèy US Airways te oblije fè yon desant fòse sou Flèv Hudson nan, ant New Jersey ak Manhattan. Tou lè 155 moun ki te abò a (pasaje ak manm ekipaj) te sòti sen-e-sòf nan aksidan sa a.
Pou w koute detay sou aksidan avyon Buffalo a, klike sou lyen anlè a, adwat.