Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Presizyon Frantz Gérard Verret,  Prezidan Konsèy Elektoral la, sou Desizyon Konsèy la Pran Konsènan Kandida Lavalas yo


Ann Ayiti, prezidan Konsèy Elektoral Proviwa a, Frantz Gérard Verret, demanti pawòl ki di konsèy la elimine kandidati reprezantan Pati Fanmi Lavalas nan eleksyon senotoryal ki fikse pou 19 avril 2009 la. Nan yon entèvyou misye Verret bay Lavwadlamerik, li fè konnen gid konsèy la se lalwa e manm li yo te baze yo sou règleman legal pou yo pran yon desizyon sou kandidati manm Fanmi Lavalas yo. Dirijan konsèy la presize, si kandida yo ranpli kondisyon ki nesesè yo, "yo tout ap patisipe", paske Pati Fanmi Lavalas, menm jan ak yon afè de 30 lòt, genyen dwa pran pa nan vòt la. Ki kondisyon kandida lavalasyen yo pa respekte? Eben, daprè misye Verret, yo dwe vini ak yon dokiman ki pote siyati pèsonalite lidè pati a --ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide--deziye pou ofisyalize kandidati tout moun k ap reprezante Fammi Lavalas nan eleksyon an.


Yon lòt kote, dirijan youn nan 2 branch Fanmi Lavalas yo lanse akizasyon pou di Konsèy Elektoral la fè paspouki lè l ap pran desizyon konsènan kandida pati a, kòmkwa konsèy la ta fè kandida sa yo egzijans li pa fè reprezantan lòt pati.

Pou w koute detay sou nouvèl sa yo, klike sou lyen anlè a, adwat.
XS
SM
MD
LG