Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Pwovizwa a Aksepte Tande Doleyans Kandida Ekate yo


Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) deklare disizyon pou ekate 39 kandida--pami yo 16 ki te prezante yo sou banyè 2 lis diferan pati Fanmi Lavalas--nan konpetisyon elektoral 19 avril la "sans appel", men KEP a di li pa ekate konsiderasyon administratif e menm jiridik. Pòtpawòl enstitisyon elektoral la, Frantz Bernardin, fè deklarasyon sa a pandan yon konferans pou laprès mèkredi 11 fevriye a nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, 48 tè apre Konsèy elektoral la te mande nan yon deklarasyon li pibliye lendi swa pou Kominote Entènasyonal la (ki kritike kanè li bay kandida sa yo) respekte endepandans li.

Mesye Bernardin fè konnen tou ke prezidan ayisyen-an, René Préval te rankontre madi swa nan Palè Nasyonal la ak manm Enstitisyon an ki, dapre msye Bernardin, bat bravo pou volonte KEP a pou l' fè travay li nan respè la lwa. Nan deklarasyon lendi swa li a, Konsèy elektoral la raple peyi kap ede Ayiti finanse eleksyon senatoryal pasyèl 19 avril 2009 la ke "KEP la se yon enstitisyon endepandan ki rete endepandan e ki deside baze tout desizyon li sou sa konstitisyon ak lwa yon peyi granmoun preskri.

Nou ka koute repòtaj Jean-Max Blanc sou konferans pou laprès KEP a sou ralonj ki anwo, adwat, paj sa a.

Sou ralonj sa a tou an 3zyèm pozisyon nou genyen reprezantan Kominote Ewopeyèn nan nan peyi Dayiti, Francesco Gosetti, ki anonse nasyon ki fòme gwoup la bay Ayiti yon asistans 14 milyon Ewo pou ede finanse bidjè 2008-2009 la. Mesye Gosetti di peyi ewopeyen yo mobilize pou ede Ayiti.

Pou fini, sou dènye ralonj-lan gen yon korespondans Clarens Renois sou inogirasyon yon nouvo sant medikal nan Pòtoprens pou pran swen moun ki enfekte ak virus VIH la ou kap soufri ak maladi Sida.

XS
SM
MD
LG