Accessibility links

Breaking News

2 Faksyon Pati Fanmi Lavalas Ap Chèche Yon Teren Antant


Reprezantan 2 branch pati politik Fanmi Lavalas bay yon konferans pou laprès madi apre midi 3 fevriye a nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, pou defini sou pozisyon pati a konsènan kandida lap voye nan eleksyon senatoryal pasyèl 19 avril 2009 la.

Reprezantan swadizan "mandate" ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide (ki an'n ekzil nan Afrik Di Sid e ki se lidè Lavalas) Maryse Narcisse, di se yon sèl pati Lavalas ki ekziste nan peyi Dayiti. Men bò kote "lidè" lòt faksyon Pati a, ki prezante kandida diferan pou menm pòs la nan yon menm depatman, anpalan senatè Roudy Hérivaux, ton an te pito sou konsilyasyon ak rekonsilyasyon yon fason pou Lavalas ka prezante l' kòm yon Pati ini nan senatoryal pasyèl yo.

Kijan KEP a pral tranche kesyon reprezantasyon Lavalas nan eleksyon sa a? Madam Narcisse pa kwè Konsèy Elektoral Pwovizwa a genyen otorite sa a.

Pou devlopman nouvèl sa a ak lòt pwen ki fè aktyalite a, fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat atik sa a.

XS
SM
MD
LG