Accessibility links

Breaking News

Yon Somè Rejyonal Sou Anviwonnman Tanmen Jodi a Nan Pòtoprens


Minis Afè Etranjè peyi manm Asosyasyon Eta Karayib yo ap reyini jodi a ann Ayiti kote yo pral diskite sou kesyon ki gen ranpò ak anviwonnman an. Yon repòtaj Renan Toussaint.

Responsab elektoral yo ann Ayiti fè konnen yap òganize eleksyon pou ranplase Premye Senatè Nòdès la, Rudolph Boulos, malgre yon jij mande yo tann desizyon yon tribinal siperyè. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin gen detay depi vil Kap-Ayisyen.

Yon palmantè ayisyen mande responsab yo pran dispozisyon nesesè pou evite rate gaz sou mache a. Korespondans Jean Christophe Collègue gen detay depi Mibalè.

Responsab yon òganizasyon dwa moun mande otorite lajistis yo pou yo pran dispozisyon pou mete separasyon ant timoun piti ak adolesan ki fèmen nan prizon, avèk prizonye ki granmoun yo. Korespondan nou Sainlus Augustin gen detay depi vil Hinche.

Ou ka tande repòtaj sa yo si ou fè klik sou ralonj ki adwat paj la.

XS
SM
MD
LG