Accessibility links

Breaking News

Tim Geithner Pran Direksyon Depatman Trezò Etazini an


Etazini leve jodi madi a ak yon nouvo Minis Trezò. Timothy Geithner ap kòmanse takle kriz ekonomik la, apre Sena a te fin ratifye l yè ak yon vòt 60 vwa pou e 34 vwa kont.

Apre vòt ratifikasyon an nan Sena a, e nan yon demonstrasyon supò piblik pou nouvo Minis la, Prezidan Obama te travèse nan lokal Depatman Trezò a pou l’wè Vis-Prezidan Joe Biden ki tap fè Tim Geithner prete sèman.

Prezidan an di:« Mwen vin isit la aswè a paske, nan moman defi ak kriz nap viv la a, travay Tim ak travay tout Depatman Trezò a, dwe tanmen tousuit. Nou pa ka pèdi ata yon jou, paske se chak jou ekonomi an ap vin pi mal, isit ozetazini e atravè lemond.»

Bò kote pa l, nouvo Minis Trezò ameriken an di ekonomi an atenn nivo sa l’rele yon « defi maximum » e li pwomèt «pou l’lanse pwogram ki va remete ekonomi an kanpe pi vit, kap fè l pwodui plis, e kap rann ni pi jis, pi ekitab, nan opotinite li ofri sitwayen ameriken yo, pou retabli konfyans nan sistèm finansye peyi a, ak refòm an pwofondè.»

Malgre sa msye Geithner rele « erè ak neglijans » li te komèt lè li pat peye taks pandan plizyè zane kote l’tap travay pou Fon Monetè Entènasyonal, Sena a deside ratifye l akòz sa Gran-Kò a wè tankou yon konpetans ekstraòdinè ak yon chay eksperyans ki prepare l pou moman kriz Etazini ap travèse kounye a.

Anrejistreman repòtaj sa a sou bò dwat paj la. Fè klik sou ralonj la.

XS
SM
MD
LG